Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/22/05


NBA

Lòt mwatye sezon NBA a ap demare jodi a ak klub yo ki pral fè efò pou swa konsève ou byen amelyore pozisyon yo nan klasman NBA a e chache kalifye pou faz final la. Boston Celtics ap vizite Los Anjeles Lakers.

Tennis

Jwè tenis arjanten Agustin Calleri ak Juan Monaco ranpòte la viktwa nan match douvètu tounwa tenis Open Meksiko a kap dewoule nan Acapulco.

Ameriken Andre Agassi ak Espayòl Tommy Robredo kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis OPen Dubai la kap dewoule nan Emirat Arab Uni.

Bò kote meda-m yo Rus Elena Bovina te pase yon move kadè avan li kalifye pou 2 zièm tou tounwa Open Katar la kap dewoule nan Doha. Bovina finalman kale Japonè Shinobu Asagoe 7-5, 7-6 nan yon rankont ki te dure prèske 2 zèd-tan.

Football

Nan football Jamayik ap rankontre ak Barbad epi Kuba kont Trinidad and Tobago nan kad kwadrangulè final koup Digicel la kap detèmine 3 reprezantan zòn Karayib la nan koup dò KONKAKAF ki gen pou dewoule isit Ozetazuni. Ekip ki fini an premyè pozisyon ap resevwa 100 mil dola pri.

Nan zòn Amerik Santral la, ki divize an 2 group, Kosta Rika kale Salvador 2 a 1 Honduras danse sou Belize 4 a 0. Gwatemala pilon-nen Nicaragwa 4 a 0. 2 premye nan chak group yo ap reprezante zòn Amerik Santral la nan koup dò Konkakaf la kap dewoule an Juyè pwochen isit Ozetazuni.

XS
SM
MD
LG