Premye minis pwovizwa ayisyen an, Gérard Latortue, deklare li espere Lavalas va patisipe nan eleksyon ki fikse pou fen ane 2005 la ann Ayiti, malgre pati politik sa a pa di si li prale nan eleksyon. Chèf gouvènman pwovizwa Ayiti a te abòde, antr'òt, tèm sa a nan yon entèviou youn a youn avèk jounalis Lavwad'lamerik Ronald César.