Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/17/05


FOOTBALL

Klub football Angle Manchester United konsidere kòm klub football ki pi rich sou tè a dapre yon sondaj ki publiye jodi a. Dapre sondaj la Manchester United konsève pòs numewo 1 an pou yon 8 tièm ane afile ak yon total 322 milyon 400 mil dola devan klub Espayòl Real Madrid ak yon total 294 milyon dola. Milan A-C klase 3 zièm ak anviwon 277 milyon dola epi klub angle Chelsea klase 4 trièm ak 270 milyon dola. Juventus de Turen, Arsenal, Barselòn, Inter de Milan, Bayern de Munik ak Liverpool konplete lis 10 klub ekip football ki pi rich sou tè a.

Klub football alman Borussia Dortmund kapab kriye fayit disi 30 Jwen. Borussia gen yon defisi 35 milyon dola. Pami rezon ki eksplike defisi sa a se depans ekip la fè nan akizisyon footballè entènasyonal pou l kapab fè fas ak yon seri de klub nan lig football Alman an tankou Bayern de Munich. Dapre nouvèl yo Borussia kapab fè yon defisi 90 milyon dola disi 30 Jwen nan fen ane fiskal la.

Kosta Rika tonbe 2 a 1 devan Ekwatè nan kad yon match amikal entènasyonal chofe jarèt qui jwe ant 2 seleksyon yo yè Mèkredi an nan Kosta Rika. Kosta Riken yo jwe rankont la nan kad preparatif yap fè pou patisipasyon yo nan oktagonal final tounwa Unyon Sant Amerik Football kap detèmine 4 reprezante zòn nan koup dò KONKAKAF la kap dewoule isit Ozetazuni an Juyè pwochen.

FIFA

FIFA publiye klasman mansuèl seleksyon football mondyal yo kote Brezil, la Frans, Arjantin, Republik Tchèk ak Espay konplete lis 5 premye yo. Answit nou jwen Meksik, la Oland, Angletè, Portugal ak Itali figure pami 10 premye yo. Etazuni klase 11 zièm. Kosta Rika klase 27 tièm. Honduras klase 58 tièm. Trinidad and Tobago klase 62 zièm. Gwatemala klase 70 zièm pandan ke Kuba vini an 71 zièm pozisyon. Ayiti, ki sot pèdu devan Gwatemala, klase 91 zièm.

NBA

Damon Jones make 31 pwen nan viktwa 113 a 95 Miami Heat ranpòte devan Los Anjeles Clippers. Boston Celtics ranpòte yon viktwa de justès devan Memphis Grizzlies 90 a 88. Cleveland Cavaliers danse sou Atlanta Hawks 111 a 89. Detroit Pistons woule Philadelphia 76ers 93 a 75. New York Knicks pilon-nen Milwaukee Bucks 108 a 90.

Tennis

Ameriken Andy Roddick kalifye pou kar de final tounwa tennis Memphis apre yon viktwa an 2 manch li ranpòte devan franse Arnaud Clement 6-3, 6-3 pou l al rankontre ak konpatriòt li Mardy Fish ou byen Robby Ginepri.

Bò kote medam yo Rus Vera Zvonareva elimine franse Severine Beltrame 7-6, 6-3 pou rive nan kar de final la kote li pral rankontre ak Ukrenyen Katerina Bondarenko ki elimine ameriken Angela Haynes 7-6, 7-5.

Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen bèlj Kim Clijsters te bezwen 3 manch pou-l debarase l de Rus Nadia Petrova 7-5, 6-7, 6-1 nan tounwa tenis kap dewoule nan Anvers an Bèljik.

Men’s Tennis Rotterdam Numewo 1 tenis mondyal maskulen Swis Roger Federer kalifye pou 2 zièm tou touwa tenis kap dewoule nan Rotterdam nan la Oland gras ak 2 kout rakèt li pase Tchèk Bodhan Ulihrach 6-3, 6-4.

XS
SM
MD
LG