Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/11/05


Jeux Olympic 2010 / Dopaj

Komite Olempik Entènasyonal la mande otorite Italyen yo pou sispann lwa ki bay otorite yo dwa akuze kòm kriminèl endividu ki ta konsome ou byen an posesyon dròg. Prezidan Komite Olempik Entènasyonal la Jacques Rogge di se machann dròg yo ki yon menas e non atlèt yo. Tradisyonèlman polisye pa otorize antre nan vilaj Olempik la men msye Rogge di polisye Italyen yo kapab antre si yo sispèk gen aktivite an dedan an. Ni Komite Olenpik Entènasyonal la ni Ajans Anti Dopaj Mondyal la pa ta renmen wè atlèt kap konsome drög ale nan prizon pandan dewoulman yon konpetisyon. Komite Olempik la swete otorite Italyen yo chanje lwa a menm si se pandan periòd konpetisyon an.

Isit Ozetazuni menm lè atlèt yo ki rekonèt yo konsome dròg--yo pa ale nan prizon--yo sèlman tonbe anba sanksyon règleman spòtif yo prevwa.

CIO/ KIM

Komite OleMpik Entènasyonal rekòmande ekspulsyon Sud Koreyen Kim Un-yong nan moman lap purje yon pèn prizon 2 zan apre la justis peyi l te jwen li koupab move kondwit ak magouyè. Asanble Jeneral Asanble a ap gen pou vote rekòmandasyon an an Juy] pwochen la lè yap rankontre nan Sengapour. Kim te kondane pou tèt li te gaspiye plizyè santèn milye dola Federasyon Mondyal Taekwondo ak lòt òganizasyon spòtif ki te anba kontwòl li san bliye kado li resevwa nan men yon seri de kooperasyon.

NBA

Chanpyon sòtan NBA a Detroit Pistons danse sou Los Anjeles Lakers 103 a 81. Steve Francis make 28 pwen pou ede Los Orlando Majik pase son tèt Atlanta Hawks 101 a 96. Seattle Supersonics kale anba redu Sakramento Kings 115 a 107.

Football/ Almay

Federasyon Football Alman sispann abit Robert Hoyzer anba akuzasyon konduit antispòtif apre li rekonèt li ta fè magouy nan 4 match football epi resevwa 85 mil dola nan men 3 frè Kwat kap dirije yoni rezo nèg kap mize sou match football. Otorite Alman yo ap ankete sou 25 moun pami yo 3 lòt abit ak 14 footballè. Hoyzer kapab jwen entèdiksyon avi si otorite yo akuze l pou koken e li kapab pase juska 10 zan prizon.

Tenis

An Arjantin Rafael Nadal tounen 4 trièm jwè tenis Espayòl ki kalifye pou kar de final tounwa tenis Buenos Aieres la.

Tennis/ France

Ameriken Taylor Dent elimine Arjanten David Nalbadian 7-6, 6-2 pou kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Open kap dewoule nan vil Marseille an Frans.

XS
SM
MD
LG