Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/10/05


Koup du Mond / Almay 2006

Etazuni ak Meksik domine ekzagonal final eliminatwa koup du mond Almay 2006 pou zòn KONKAKAF la ak 3 pwen yo chak. Ameriken yo suprann Trinidad and Tobago sou pwòp terenn ak yon viktwa 2 a 1. Kosta Rika tonbe sou pwòp teren devan Meksik 2 a 1 epi Panama fè match nul 0 a 0 ak Gwatemala nan Panama Siti. Sou kontinan Europeyen an la Grès ranpòte yon viktwa enpòtan devan Danmak 2 a 1 nan group 2 a pandan ke Ukrèn kontinye domine group la apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Albani. Sou kontinan Afriken an Maròk toupizi Kenya 5 a 1 nan group 5 la.

Match amikal entènasyonal Kameroun kale Senegal 1 a 0. Almay fè match nul 2 a 2 ak Arjantin. Itali tronse la Rusi 2 a 0. Belarus woule la Polòy 3 a 1. Angletè fè match nul 0 a 0 ak la Oland. La Frans fè match nul 1 a 1 ak la Swèd. Brezil danse sou Ong Kong 7 a 1. Ejipt mete pye sou kou la Bèljik 4 a 0. Real Salt Lake youn nan nouvo venu nan Lig Football balonwon ameriken an tonbe fas anba devan D.C. United 5 a 1 nan kad yon match chofe jarèt ki jwe yè Mèkredi.

Koup du Mond Natasyon

Federasyon Mondyal Natasyon (FINA) ofisyèlman rebay Montreal, Kanada dwa pou l òganize chanpyona mondyal natasyon an mwens ke yon mwa apre Montreal te pèdu dwa a akoz pwoblèm budjè. Komite pran desizyon an apre yon reyunyo durjans yo te òganize nan vil Frankfurt an Almay apre kout telefòn yo di yon seri de òganizasyon ansanm ak rezidan yo te fè ki bay garanti konpetisyon an ap dewoule san pwoblèm. FINA di tou plizyè federasyon te deja fè aranjman otèl ak ebèjeman avan Komite a te pran desizyon an mwa pase a. Chanpyona du mond la fikse pou 17 o 31 Juyè.

OLYMPICS/ Je Divè

Prezidan Komite Olempik Entènasyonal la Jacques Rogge envite ofisyèlman 5 pami 202 komite Olempik la pou vinn patisipe nan je olempik Divè yo ki gen pou dewoule nan vil Turen an Itali an Fevriye 2006. Komite a espere 80 peyi pou pipiti ap patisipe nan konpetisyon an

NBA

Washington Wizards mete fen nan rèy San Antonio Spurs tap fè nan NBA a. 95 a 87 an favè Wizards yo. Los Anjeles Lakers ranpòte yon viktwa de justès 104 a 103 an pwolongasyon devan New Jersey Nets. Boston Celtics tronse Los Anjeles Clippers 94 a 89 pandan ke Memphis Grizzlies ranpòte yon viktwa tou mens devan Philadelphia 7ers 98 a 95.

XS
SM
MD
LG