Accessibility links

Breaking News

Yon Sit Entènèt pou Savan Nan Fizik


Jodi a, nan segman Syans ak Teknoloji a, n’ap mennen w’ non sèlman nan laboratwa chèchè yo, syantifik yo, men tou nou pral tande kòmantè tou sou lavi yo lwen travay yo. Sit n’ ap mete an vedèt la se Quantum Diaries.org.

Mo Quantum nan, pou moun ki li nan ti lèt fen yo, deja fè santi se yon sit ki pale sou syans fizik... Chelsea Wald se yon responsab sit QuantumDiaries.com. Chelsea di nou yo envite yon trantèn fizisyen pou yo kreye jounal sou Web la, prepare atik, pou diskite sa ki enpòtan pou yo. Yo pale sou rechèch yo nan syans fizik. E yo ekri sou koze pèsonèl yo tou, fanmi yo, zanmi yo, bagay konsa. E tout moun lib pou yo eksprime opinyon politik yo, oswa di sa yo panse de pwòp laboratwa pa yo, moun k’ap kolabore ak yo elatriye.

Malgre premye moun ki pral li jounal elektronik sa yo se lòt fizisyen parèy yo, Chelsea Wald espere nouvo sit sa a va mete travay lasyans aladispozisyon sila yo li rele non-syantifik yo, kidonk moun tankou mwen ak ou ki pa nan zafè rechèch syantifik. “Nou ta renmen touche gran piblik la tou. Nou ta renmen tout moun f’on tcheke adrès Entènèt sa a pou yo wè sa k’ ladan ni. Nan yon atik ki poste sa pa gen lontan, fizisyen alman Jochen Weller pale, pa egzanp, sou astwonomi nan Pol Sid. Nan yon lòt, Debbie Harris ekri sou neutrino (yon vyep vyep ti eleman tou piti, ki nan yon elektron e ki ka travèse tout matyè). Apre kèk paragraf, manmzèl ekri sou jan li fè bonbon chokola ak pitit li. Madam Harris di, “wòl mwen pèsonèlman se fè gwo piblik la remake ke fizisyen yo pa sanble ak sa nou kwè yo sanble a. Nou pa moun ki plonje tout tan nan travay nou. Kèk nan nou renmen pase tan ak pitit nou menm jan nou renmen etidye fizik e travay nan laboratwa nou.”

Sit web Quantum Diaries la se yon pwojè ki te pran 12 mwa pou l’reyalize e ki te parèt menm lè ak Ane Mondyal Fizik la, ki te make santan depi piblikasyon dokiman istorik Albert Einstein yo. Pami patisipan yo nou jwenn fizisyen ki reprezante 10 peyi e ki ekri nan prèske menm kantite lang sa a. Epitou, kominikasyon an pa fèt “à sens unique” paske chak atik vini ak yon ti kare pou kòmantè kote vizitè a ka kontinye dyalòg la.

Ou ta renmen wè yon chèchè, yon fizisyen espesyalman, ki annaksyon nan laboratwa li? Tape adrès sa a sou Entènèt la, QuantumDiaries.org oubyen klike la a pou w' al ladan n’ dwat-dirèk.

XS
SM
MD
LG