7 mounn mouri, pami yo genyen yon jounalis ke bandi touye, e plizyè douzèn mounn blese; se bilan viktim yo nan okazyon kanaval la nan Pòtoprens. Sepandan pòt pawòl la polis la di pèsonn p at mouri sou wout kote cha kanaval-yo te pase yo. Korespondan nou Rotchild F. Junior ba nou plis detay depi Pòtoprens.
3 jou kanaval yo lakoz plizyè douzèn mounn blese tou nan vil Gonayiv, selon korespondan nou Duc Jonathan Joseph.
Yon lòt kote, nan okazyon Mèkredi dè sand la, pè Miguel Jean-Baptiste eksplike siyifikasyon komemorasyon sa a pou fidèl katolik yo.