Plizyè group mizikal ayisyen patisipe nan kanaval ane sa a, sepandan plizyè moun nan popilasyon an pè al nan kanaval aprè bandi te touye kèk moun ki t’ap sòt nan festivite kaaval yo. Responsab sal nouvèl radyo Magic Stereo nan kapital ayisyèn nan, Rony Mathieu, ba nou detay sou dènye jou gra a.
Pandanstan, kèk groupman politik ayisyen fè konnen yo pral gen difikilte pou yo patisipe nan eleksyon yo, akoz lwa elektoral la anpeche yo resevwa lajan nan men peyi etranje. Korespondan nou nan vil Okay Jean Ernst Eliscar di nou pwoblèm sa a , sepandan, pa anpeche òm politik yo kontinye fè rankont ak patizan yo.
Yon lòt kote, popilasyon vil Gonayiv la akeyi ak 2 bra ouvè deklarasyon sòlda Nasyonzini ak fòs polis Nasyonal la fè pou di yo pare pou dezame tout moun ki posede zam ilegal nan vil la. Korespondan nou Duc Jonathan Joseph gen reyaksyon yon gonayivyen sou dosye sila a.