Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite


NBA

Gilbert Arenas make 43 pwen pou ede Washington Wizards remonte yon defisi avan li kale Indiana Pacers 108 a 104. Nan yon lòt rankont New York Knicks ranpòte yon viktwa de justès devan Utah Jazz 102 a 99. Atlanta Hawks danse sou Los Anjeles Lakers 114 a 108 san bliye New Jersey Nets te bezwen pwolongasyon pou l kale Philadelphia 76ers 107 a 97. Miami Heat ak Shaquille O’Neal geri bosko yo sou Golden State Warriors 105 a 96.

Basketball Universitè

Bò kote Univèsitè yo Connecticut suprann Univèsite Syrakuz 74 a 66 nan yon rankont ki te mete bab pou bab 2 antrenè ki ranpòte plis viktwa. Antrenè Connecticut la Jim Calhoun gen yon palmarès 695 viktwa pandan ke Jim Boeheim kap antrene Syrakuz gen yon palmarès 697 viktwa. Nan yon lòt rankont Oklahoma State tronse Oklahoma 79 a 67. Utah ranpòte yon viktwa tou mens devan Nevada Las Vegas 57 a 53 epi Villanova danse sou St Joseph 67 a 52

Football / FIFA

FIFA anonse te gen plis match football ki te jwe pandan ane 2 mil 4 la ke tout lòt ane nan istwa football. FIFA di te gen yon total 1066 match ane pase. 45 pou 100 nan rankont yo se te match amikal epi 40 pou 100 se te match kalifikatif koup du mond Almay 2 mil 6. Europeyen yo jwe yon total 266 rankont swa 25 pou 100 answit nou jwen kontinan Azyatik la kote te gen 248 rankont. Bahren jwe yon total 33 rankont. Pami 205 federasyon manb FIFA a 184 nan yo te woule balon an lan 2004. Meda-m yo te jwe mwens rankont an 2004 swa yon total 277 konpare 360 an 2003.

FRIEDEL / Retraite

Gadyen d-bu seleksyon ameriken Brad Friedel anonse retrèt li nan seleksyon nasyonal la. Msye di lap kontinye jwe pou klub football Angle Blackburn Rovers. Bruce Arena, aktyèl antrenè seleksyon nasyonal ameriken an, di li te fè tout ça li kapab pou l konvenk Friedel retounen sou desizyon an men se te nad marinad. Friedel te kòmanse karyè l ak seleksyon nasyonal la an 1992 e li jwe yon total 82 rankont entènasyonal.

Tunizi / Football

Rankont chofe jarèt entènasyonal ,ki te supoze jwe ant Tunizi ak Turki Mèkredi, ranvwaye akoz la nèj kap tonbe nan Istanbul.

Agassi / Koup Davis

Vedèt tenis ameriken Andre Agassi retounen nan ekip Koup Davis Etazuni ap re 5 kan absans. Agassi ap fè pati ekip ki gen pou rankontre ak Kwasi soti 4 pou rive 6 Mas nan Los Anjeles an Kalifòni. Etazuni ranpòte konpetisyon an 31 fwa. Dènye fwa ameriken yo te ranpòte konpetisyon an se te an 1995.

Tennis

Jwè tenis Rus Dinara Safina ak Italyen Silvia Farina Elia ranpòte match douvètu tounwa tenis Open Pari a. Safina, ti sè Marat Safin, gen pou rankontre nan 2 zièm tou a ak ameriken Serena Williams.

XS
SM
MD
LG