Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Kèk Palmantè Ameriken Apre Mesaj Prezidan Bush la


Mesaj Prezidan George Bush sou eta inyon an --ke l prezante mèkredi swa devan 2 chanm kongrè-a reyini-- jwenn konpliman pami Repibliken yo ki fè konnen misye Bush montre aklè nan ki direksyon li vle mennen peyi a pandan dezyèm manda li sou pouvwa a. Sepandan, bò kote pa yo, Demokrat yo di prezidan an pa rive prezante yon estrateji pou Irak, e yo pa mete dlo nan bouch yo pou yo kritike plan li genyen pou sistèm sekirite sosyal la ak lòt kesyon ki gen rapò ak politik nasyonal li.

Depite Robert Menendez fè konnen se jenerasyon kap vini yo ki pral peye pou refòm sa yo. Depite Menendez deklare: “Mwen panse prezidan an ap monte yon jenerasyon kont yon lòt jenerasyon. Lap monte pitit-pitit kont grann yo ak gran-papa yo; timoun kont papa yo ak manman yo... epi dayè, se pete prezidan an ap eseye pete moun la a. Sepandan, msye Bush te rive touche yon kòd sansib kay manm tou lè 2 pati yo (Repibliken kou Demokrat), avèk 2 moman ki te pi emosyonèl nan mesaj la, lè li te lonje dwèt li pou l deziye 2 vizitèz nan asistans la (2 irakyèn, pitit-fi yon nèg ki te mouri ansasinen sou rejim Saddam Hussein nan) epi aprè sa, li te atire atansyon sou prezans paran yon solda ameriken ki pèdi lavi l' nan Irak.

Bò kote pa l', depite demokrat nwa-ameriken Bobby Rush fè prezidan an konpliman pou yon kantite inisyativ li anonse nan domèn politik nasyonal la, tankou yon pwojè pou konbat maladi SIDA, ak yon plan refòm nan sistèm edikatif ameriken an. Sepandan, Depite Rush ak lòt manm demokrat nan Kongrè a pare pou yo livre yon vrè konba ak administrasyon Bush la sou yon lòt pwen nan politik nasyonal li pou dezyèm manda prezidan an, sètadi pwojè refòm nan sistèm pansyon federal la, sa nou rele Sekirite Sosyal la.

XS
SM
MD
LG