Prezidan ameriken an, George W. Bush, delivre mesaj sou Eta Inyon an kote li prezante prensipal pwen politik nasyonal ak entènasyonal li. Prezidan Bush deklare eleksyon ki sot fèt nan peyi Irak dimanch 30 janvye a pwouve teroris pa kapab entimide, yo pa ka kraponnen sila yo ki vle libète toutbon. Dapre msye Bush nouvo sitiyasyon politik Irak la vle di twoup ameriken yo prla konsantre plis sou antrene fòs sekirite Irak yo pou yo pran plis responsablite nan peyi a paske, bout pou bout, se irakyen ki pou defann pwòp nasyon yo.
Msye Bush di, "Nou nan Irak pou nou jwenn yon rezilta: yon peyi ki demokratik, yon gouvènman ki reprezante tout pèp li, ki anpè ak vwazen ni e ki gen kapasite pou l’ defann tèt li. E lè nou va reyalize objektif sa a, lè sa a sòlda nou yo ki ann Irak ap retounen lakay yo ak onè yo merite."
Pifò diskou prezidan Bush la te santre sou pwopagasyon libète ki dwe kontinye fèt nan lemond paske, dapre li, si gen rejyon ankè sou latè ki rete nan dezespwa ak rayisab, yo pral tounen yon teren pwopis pou teroris. Li deklare, “Lèzetazini pa gen pyès dwa, pyès dezi, ni okenn entansyon pou li enpoze fòm gouvènman nou an sou okenn lòt moun. Sa se youn nan pi gwo diferans ki egziste ant nou-menm ak lènmi n’ yo. Y’ap chache enpoze e laji yon rejim kraze zo ote yon ti ponyen dirijan brital, ke pèsonn pa eli, kontwole tout aspè nan lavi pèp la. Sa n’ap chache se konstwi e prezève yon kominote nasyon lib e endepandan, kote gouvènman yo reponn devan sitwayen yo pou tout sa y’ap fè e kote gouvènman sa yo reflete pwòp kilti pèp yo.”
Nan domèn lit anti-teroris la, prezidan ameriken an di Etazini pran mezi nou pot’ janm’ wè jiskaprezan pou l’pwoteje tèt li, depi atak teroris 11 septanm 2001 yo. Sepandan, rete anpil travay ki pou fèt toujou. Men pwòp pawòl Chèf Leta a: “Gen gouvènman toujou k’ap patwone e kache teroris, men kantite a ap bese. Gen rejim toujou k’ap chache posede zam ki ka touye moun pa bann e pa pakèt, men yo pa ka aji ankò san atansyon ni san konsekans. Peyi nou reprezante toujou yon sib pou teroris ki vle touye anpil moun e kraponnen nou tout. E nou pral rete alatak kont eleman sa yo jiskaske nou genyen batay la.”
Tankou sa fèt chak ane, pati opozisyon an --Demokrat yo-- te reponn mesaj prezidan an. Se Senatè Harry Reid (lidè minorite a nan Sena a) ak Depite Nancy Pelosi (ki alatèt Demokrat yo nan chanm bas la) ki te bay repons yè swa a. Depite Kalifòni an di, “pi gwo menas ki peze sou sekirite teritwa ameriken an se pakèt tòn materyo byolojik, chimik, e menm nikleyè ki deyò a san nou pa konn ki bò oubyen ki san pwoteksyon. Prezidan an di bèl pawòl konsènan menas la men li pa poze aksyon ki koresponn ak menas sila a.”
Sou plan nasyonal, pi gwo objektif prezidan Bush se refòme pwogram pansyon gouvènman federal la, Sekirite Sosyal la, pou pèmèt jenn travayè yo envesti nan kont prive, pou yo ka rantre plis benefis. Demokrat yo fè konnen plan sa a ka lakòz jenès la pèdi pifò nan fon d pansyon ni akòz monte desann ki toujou ap fèt sou mache finansye yo.