Accessibility links

Breaking News

Darfour: Etazini Apiye Sanksyon Kont Soudan


Envestigatè Nasyonzini konkli ke gouvènman peyi Soudan ak milisyen arab (ki gen apui gouvènman an) komèt yon bann zak makab nan pwovens Darfour (nan lwès peyi a) e anketè yo rekòmande pou dosye a ale devan Tribinal Kriminèl Entènasyonal la.

Ekip Nasyonzini an pa pale de jenosid (kontrèman ak Depatman Deta ameriken), men rapò a di krim kont limanite ki fèt nan Soudan kapab pa mwen grav ke jenosid. Richard Dicker, ki nan gwoup dwazumen Human Rights Watch deklare, “Pou gen jenosid, fòk gen entansyon pou komèt krim, pou touye moun pa bann-e-pa-pakèt, pou elimine yon pèp oubyen yon pòsyon nan yon pèp, akòz ras yo. Diferans ant jenosid ak netwayaj etnik, sè ke ou ka gen krim kap fèt tribò-babò, tankou vyòl, disparèt moun, elatriye, nan kad yon pwogram gouvènmantal oubyen politik yon gouvènman, men sa pa vle di fòseman ke otorite yo gen entansyon elimine tout yon pèp.”

Etazini pa rekonèt Tribunal Kriminèl Entènasyonal la e diplomat ameriken yo di dosye Darfour la ta dwe ale devan yon nouvo tribinal penal nan Tannzani ke yo te tabli pou jije koupab jenosid Rwanda a.

Klike sou lyen anlè atik sa a si ou vle koute tout repòtaj la.

XS
SM
MD
LG