Accessibility links

Breaking News

Premye-Minis Ayisyen an Fè Chanjman Nan Kabinè a


Chèf kabinè patikilye prezidan pwovizwa ayisyen an [Pierre-Michel Brunache] deklare, pase-men otorite yo sot fè nan gouvènman an te nesesè. Korespondan nou Rotchild François, Jr. di nou sa fè dezyèm chanjman ki fèt nan Kabinè a depi enstalasyon gouvènman pwovizwa Gérard Latortue a.

Chanjman ki opere fwa sa a, se 2 minis ki tonbe ak yon minis ki chanje depatman. Jeneral Hérard Abraham kite Ministè Enteryè pou l' al ranplase Yvon Siméon nan Afè Etranjè. Marie-Claude Bayard pran plas Danielle St-Lot nan Depatman Komès ak Touris, epi Michel Bernardin pral tounen Minis Enteryè.

Klike sou lyen anlè tèks sa a pou w ka tande repòtaj Rotchild la.

XS
SM
MD
LG