Accessibility links

Breaking News

Dekouvri Sit Entènèt MoMa.Org


Mize Atis Modèn yo, nan vil New York, ke nou konnen sou ti non MoMA (Museum of Modern Arts) , se youn nan prensipal sant mondyal pou penti epòk nou an, travay mahogany, fotografi elatriye. Si ou pa ka vizite Manhattan pou w al nan mize sa a, An nou fè yon ti kout pye ladan n' gras ak twal la. Nou vle di...gras ak Entènèt.

MoMA te fonde nan lane 1929. Poukisa yo te mete l' sou pye? Se paske sant prestijye ki te rele Mize Ar Metwopoliten an pat' twò enterese nan koleksyone e ekspoze èv atis kontanporen. Jounen jodi a, MoMA se yon gwo non nan domèn atistik nan lemond antye e Administratris pou Kreyasyon nan mize a, Allegra Burnette, eksplike koumen sit entènèt Moma.org la vin etann, li vin pwolonje nouvo lokal yo genyen nan New York depi mwa Novanm 2004 la.

Madam Burnette di sit Web la pèmèt nou touche yon piblik ki pi laj, yon piblik entènasyonal e li pèmèt nou atenn piblik sa a nenpòt kilè, lajounen kou lannuit. Kidonk la a, si ou pa ka ale New York, li espere omwen sa va pèmèt ou gen yon lide sou koleksyon ak pwogram edikatif ki disponib nan mize a.

Koute edisyon Syans ak Teknoloji 31 janvye a pou w ka konnen plis toujou sou sant atistik sila a.

XS
SM
MD
LG