Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 1/26/05


NBA

NBA-a te ann aksyon yè swa : New York Knicks tonbe 118 a 133 devan Phoenix Suns malgre Jamal Crawford make 40 pwen nan rankont la . Seattle Supersonics bò kote pal, danse sou Los Anjeles Lakers pandan ke Sakramento Kings kouri ak New Jersey Nets 113 a 93. Memphis Grizzlies ranpòte yon viktwa tou mens devan Orlando Majik 95 a 83 . Boston Celtics redi anpil pou finalman kale Charlotte Bobcats 97 a 92 ; epi Chikago Bulls woule Denver Nuggets 111 a 107.

Chine / Basketball Basketè ameriken Lee Benson kap jwe nan klub chinwa Yunnan abandone ekip la brid soukou epi retounen Ozetazuni. Dapre nouvèl yo sanble msye Benson ta fache pou sanksyon otorite lokal pran kont li apre li te boukante pawòl piman bouk ak yon fanatik. Benson kapab rate rankont tout vedèt ant pibon pami pibon basketè lig basketball chinwa ak tokay Sud Koreyen yo.

Tennis/ Ostrali

Festival tenis nan Melbourne ann Ostrali jodi mèkredi a: ostralyen Leyton Hewitt elimine arjanten David Nalbadian an 5 sèt maraton. Nan kar de final, Hewitt ap rankontre ak ameriken Anddy Roddick ki te kalifye apre rus Nikolay Davydenko te soufri ak yon pwoblèm respiratwa Kay medam-yo: Nathalie Dechy kalifye pou premye fwa nan karyèl, nan yon tounwa Gran Chelem apre viktwa l an 3 sèt sou suis Patty Schnyder . An demi final , manmzèl ap gen pou defye numewo 1 mondyal la amerikèn Lindsay Davenport ki li menm elimine ostralyèn Alicia Molik. Demen jedi a , rus Maria Sharapova ap jwe lòt demi final la fas Ameriken Serena Williams.

Milan A.C. /Kaka

Milan AC ranpòte la mayòl : Foutbolè nan Calcio a, chanpyona foutbòl italyen an , nonmen mitan teren brezilyen kap jwe nan Milan AC kòm meyè jwè nan chanpyona a. Li devanse Andreyi Shevenko (Balon dò 2004 la) ak Francesco Totti. Pandan sware sa a , Carlo Ancelotti ( Milan AC ) elu kòm meyè antrenè e Paolo Maldini nonmen kòm meyé defansè.

Koup Angletè / Football

Liverpool kale Watford 1 a 0 pou kalifye pou final Koup d’angletè . Nan match ale a , Liverpool te kale sou menm skò a 1 a 0 . Lòt demi final-la kap jwe nan Old Trafford pa mete bab pou bab Manchester United fas a Tchelsea . Match ale-a te fini 0-0 - yon match ki te dewoule nan vil Lond. Ekip kalifye a ap rankontre an final ak Liverpool . Final la gen pou jwe nan stad Milenyòm-nan nan Cardiff.

Football/ Anelka

Dapre yon nouvèl ki difuze sou BBC, diskusyon ap fèt aktuèlman sou posibilite pou entènasyonal fransè Nicolas Anelka ta kite Manchester City pou ta ale nan klub Fenerbak . Kontra a kapab koute plis pase 10 milyon euwo. Responsab yo gen pou fè yon anons final aswè a. Football / Afrik Chanpyon sòtan Koup dAfrik dè Nasyon an Tunizi klase nan tèt lis peyi ki kapab resevwa Prim Konfederasyon Football Afriken an bay chak ane . Konfederasyon an ap renmèt Prim nan nan vil Durban an Afrik du Sud 15 Fevriye. Tunizi kapab resevwa prim meyè ekip pou ane 2 mil 4 la ak meyè antrenè pou ane a ki kapab al jwen Roger Lemerre.

Koup Dò CONCACAF

Se jodi a responsab yo nan Konkakaf la ap anonse vil ameriken kote match koup dò KONKAKAF la pral dewoule ak patisipasyon 12 peyi pami yo 3 ap soti nan Karayib-la ak Afrik du Sud ki se envite espesyal. Konpetisyon an ap demare 6 pou l fini 24 Juyè ane sa a. Semi final yo ak final la ap jwe nan stad East Rutherford nan New Jersey.

XS
SM
MD
LG