Accessibility links

Breaking News

Wòl Relijyon Nan Lavi Prezidan Bush


Depi kèk tan, moun ka remake lè prezidan Bush ap pale, li pran abitid anplwaye imaj ki gen rapò ak relijyon. Dayè direktè ekip kap ekri diskou pou prezidan an, Michael Gerson, se yon kretyen evanjelik. Èske sa ka foure relijyon nan desizyon, oubyen nan opinyon, politik gouvènman an?

Se yon kesyon anpil moun ap poze e avèk rezon. Dayè George W Bush, li-mennm, pa janm kache anyen sou fwa kretyèn ni ak wòl relijyon jwe nan desizyon administrasyon n ' nan ap pran. Pou kèk ameriken, entegrasyon sa a se yon bon siy. Pou lòt, se yon gwo kè-sote. Pafwa ton relijye a parèt aklè nan diskou msye Bush yo, pa egzanp lè li tap pale sou aksidan navèt spasyal Columbia a, ki te dezentegre nan syèl eta Tegzas. Pi pre nou la a genyen diskou li te fè apre li te prete sèman 20 janvye 2005 la, kote li te fè plizyè mansyon dirèk ou endirèk sou sila a ki kreye syèl la ak tè a, sou Bondye, sou Gran-Mèt la.

Wòl relijyon nan lavi ak prezidans George W. Bush... Klike sou lyen anlè tèks sa a pou w ka konn plis toujou.

XS
SM
MD
LG