Accessibility links

Breaking News

Yon Gwoup Rejyonal Ankouraje Fòmasyon Yon Gran Pati Sosyal-Demokrat Nan Peyi d Ayiti


Komite Entènasyonal Sosyalis pou Amerik Latin ak Karayib la boukle 2 jou rankont nan kapital Ayiti a, kote li pwononse l’ anfavè dewoulman eleksyon yo ane sa a. CISLAC anonse l’ ap voye yon ekip obsèvatè pou wè kijan Ayiti òganize vòt la nan diferan faz li jouk pou rive nan eleksyon Chèf leta a.

Komite Entènasyonal Sosyalis pou Amerik Latin ak Karayib la fè konnen tou peyi karayibeyen an ap benefisye nan fòmasyon yon gran pati sosyal demokrat, yon lide plizyè politisyen ayisyen sanble apiye. Depi Pòtoprens, Rotchild François, Jr. gen detay nouvèl sa a. Klike sou lyen anlè tèks la pou w ka tande li.

XS
SM
MD
LG