17 janvye a, Ameriken yo t'ap obsève jou ki apa chak ane pou onore memwa defen lidè dwa sivik nwa-ameriken Dr. Martin Luther King, Jr. Vèv Doktè King nan, Coretta Scott King, te chwazi yon pwofesè inivèsite Stanford nan Kalifòni (Clayborne Carson) pou revize tout tèks mari li yo pou piblikasyon. Pwojè a ap kontinye, men anpil nan dokiman sa yo disponib sou sit Entènèt l’ap prezante maten an nan segman Syans-ak-Teknoloji a.
Depi lane 1985, pwofesè istwa Clayborne Carson ap revize, korije, diskou, lèt, sèmon ak lòt tèks Doktè Martin Luther King, Jr. te ekri, nan kad preparasyon sa ki pral tounen finalman yon seri 14 volim. Annatandan, chak jou gen plis materyèl ki disponib sou yon sit web ki konsakre pou dokiman k’konsène defen lidè nwa a, kingspapers.org.
Pwofesè Carson di nou alèkile gen plizyè santèn menm dè milye dokiman ki deja poste sou sit web sa a e moun toupatou nan lemond ka jwenn enfòmasyon ki te disponib pou kèk grenn chèchè sèlman sa gen 20 an. Pwofesè a ajoute ke pifò papye Doktè King yo se nèg save ki enterese ladan yo. Poutan, sit Entènèt la prepare pou yon piblik pi jeneral. Tout kalte moun ka vizite li e aprann kichòy sou pèsonaj istorik sa a.
Pou yon repòtaj konplè. klike sou lyen ki anlè atik sa a.