Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Bandi Tire sou Chèf Kabinè Premye Minis la


Nan peyi d’Ayiti, 2 jounalis ki t’al fè repòtaj nan yon katye popilè nan kapital la, viktim anba men yon gwoup chimè, tandiske enkoni blese chèf kabinè patikulye premye minis Latortue a. Detay avek Rotchild François Jr. depi Pòtoprens.

Nan sid peyi d’Ayiti, lapolis ap mennen ankèt sou 4 asasina ki fèt nan weekend nan. Nou pral gen detay avèk koresponndan nou o kay, Jean Ernst Eliscar.

Nan rejyon Latibonit la, ansyen militè yo pa kontan poutèt gouvènman an pran tan pou l reyalize pwomès li te fè pou l dedomaje yo avan Fèt Nwèl 2004 la. Nou gen 2 repòtaj sou dosye sa a: N’ap kòmanse avèk Galilée Périlus ki nan vil Sen Marc.

Nan Wo Atibonit la, youn nan manm komisyon ki responsab pou avansman pwosesus dedomajman ansyen sòlda yo, twouve sa etranj pou ansyen militè yo ap plenyen komkwa pwosesis la pa mache vit ase; daprè responsab sa a, si sòlda demobilize yo te tann plis ke 10 zan, yo kapab tann kèk jou ankò. Nap gen 2e. repòtaj nou sou dosye sa a avèk Duc Jonathan Joseph depi Gonayiv.

XS
SM
MD
LG