Accessibility links

Breaking News

Emmanuel: Gwoup Lapriyè Sou Entènèt Pou Ayiti


Sou inisyativ kèk sitwayen Ayisyen ki konsyan ke sitiyasyon kriz peyi d Ayiti ap travèse depi lontan an pap kapab rezoud san entèvansyon dirèk Gran-Mèt la, yon pwogram sou entènèt ki rele "Groupe Virtuel de Prière Emmanuel pour Haïti" lanse depi prèske yon lane.

Nan segman Paj Relijyon an jodi a, nou envite Jean Ricot Dorméus, Minis-Konseye nan Misyon Pèmanan Ayiti nan OEA, ki nan tèt bèl mouvman dezenterese sa a ansanm ak omwen twa lòt fidèl ki kwè nan puisans lapriyè, n'ap pale de Ketly Pierre, Antony Massillon ak Géto Sainristil. Tankou nou kapab tande li, si nou klike sou lyen ki anlè tèks sa a, Msye Dorméus kwè ak tout fòs gen espwa pou yon lòt solèy leve sou peyi lakay, sou Ayiti Toma, si tout pitit tè a pratike pawòl 2 Kwonik 7:14 la.

Paj Relijyon an swete gwoup lapriyè Emmanuel la kouraj ak pèseverans nan misyon nòb sila a.

XS
SM
MD
LG