Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite-1/04/05


Tennis

Ostralyen Lleyton Hewitt demare sezon 2 miol 5-la gras ak yon viktwa an 3 manch li ranpòte devan jwè tenis franse Arnaud Clement 2-6, 6-1,6-1. nan tounwa tenis Adelaide la. Lòt venkè jodi Madi a se franse Julien Benneteau ak Jean Rene Lisnard, Bèlj Xavier Malisse, thcèk Radek Stepanek ak Arjanten Augustin Calleri. Tounwa a antre nan kad tounwa chofe jarèt avan debu tounwa tenis entènasyonal Ostrali, premye tounwa Gran Shelem pou ane a.

Tennis Koup Hopman

Etazini byen demare pou defann tit li te ranpòte nan tounwa tenis koup Hopman nan gras ak yon viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan la Oland. Ameriken yo ap rankontre ak Slovaki Jedi.

NBA

Lebron James ki pwoteje figi l ak yon mask make 26 pwen nan viktwa Cleveland Cavaliers ranpòte devan Charlotte Bobcats 94 a 83. Toronto Raptors pase sou Orlando Majik 105 a 94. New Orleans Hornets tonbe devan Boston Celtics 108 a 90. Seattle Supersonics jwen bout Miami Heat. Sonics yo vide dlo sou tèt Heat yo ak yon viktwa de justès 98 a 96.

Dakar Rally

Kourè otobobil ameriken Robby Gordon pran tèt klasman kous otomobil Pari/ Dakar la apre li ranpòte etap 123 kilomèt-la ki fini nan Maròk. Kous la ap fini le 16 Janvye nan Dakar apre pilòt yo finn kouvri 8 mil 956 kilomèt.

Box

Boksè Japonè Katsuhige Kawashima defan tit Konsèy Mondyal Boks kategori Super mouch apre li kale ameriken Jose Navarro nan Tokyo nan yon rezilta ki te trè sere. Kawashima gen yon palmarès 28 viktwa ak 3 defèt--pandan ke Navarro subi premye defèt nan karyè l.

Jamayik/ Chin

Gouvènman Chinwa a ap konstrui yon konplèks spòtif pou Jamayik kap koute yon total 222 milyon dola. Konstruksyon an ap dure 10 mwa.

XS
SM
MD
LG