Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite-1/03/05


Tenis / Hopman Koup

Ostrali ak Almay ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan Slovaki ak la Rusi respektivman pandan Arjantin kale Itali 2 a 1 nan ouvètu tounwa tenis Koup Hopman-nan kap dewoule nan Perth an Ostrali. Etazuni ap rankontre ak la Oland Madi 4 Janvye a. Tounwa a divize an 2 group. 2 premye nan chak group yo ap rankontre an final Samdi.

Jwè tenis Feminen Franse Nathalie Dechy tonbe devan Italyen Flavia Pennetta nan ouvètu tounwa tenis feminen Gold Coast kap dewoule an Ostrali 7-6, 6-1. Nan lòt rankont Italyen Silvia Farina Elia pat rankontre twòp difikilte pou l kale franse Stephanie Foretz 6-3, 7-5. Tounwa sa a antre nan kad tounwa tenis chofe jarèt avan ouvètu tounwa tenis Entènasyonal Ostrali a, ki se premye tounwa tenis Gran Shelem pou ane-a.

Thai / Tennis

Rus Maria Sharapova suprann bonanj ameriken Venus Williams 6-4, 6-3 pou l ranpòte la viktwa nan tounwa tenis entènasyonal kap dewoule nan Chiang Mai an Thailand.

Koup Tig Azyatik

Endonezi ap rankontre ak Singapour nan final Koup Tig Azyatik la. Endonezyen jwen tikè yo apre yo tronse Malezi 4 a 1 nan semi final retou a. Sengapour te deja jwenn tikè l gras ak viktwa li ranpòte devan Birmani 4 a 2 pou l pase nan final kap jwe Samdi

Football/ Afrik

Klub Ganeyen Asante Kotoko fè match nul 1 a 1 ak Hearts Oak nan match ale final Koup Konfederasyon Afriken an nan Acra. Match retou a fikse pou Dimanch nan Kumasi. Ekip ki ranpöte konpetisyon an ap resevwa 360 mil dola.

Football Ameriken

Sezon regulye chanpyona football zèpòl kare ameriken an fini Dimanch 2 Janvye ak yon seri de ekip ki kalifye pou faz final la. Denver Broncos kalifye apre viktwa 33 a 14 li ranpòte devan Indianapolis Colts. Seattle Seahawks ranpòte NFC oksidantal la apre viktwa de justès yo ranpòte devan Atlanta Falcons. Minnesota Vikings kalifye tou malgre defèt 21 a 18 yo subi nan men Washington Redskins e gras ak yon koutwazi New Orleans Saints ki kale Carolina Panthers 21 a 18. Saint Louis Rams ranpòte yon viktwa tou mens 32 a 29 devan New York Jets ki kalifye kanmèn apre Pittsburgh kale Buffalo Bills 29 a 24.

NBA

Amare Stoudamire make 50 pwen pou ede Phoenix Suns ranpòte yon viktwa 117 a 98 devan Portland Trail Blazers. Alman Dirk Nowitzki make 39 pwen pou ede Dallas Mavericks danse sou Milwaukee Bucks 123 a 104. Washington Wizards ranpòte yon viktwa tou mens devan Atlanta Hawks 104 a 101. Detroits Pistons woule Boston Celtics 100 a 88.

Dakar Rally

Ekosè Colin McRae ranpòte 3 zièm etap kous otomobil Pari/ Dakar kap kouvri 2 kontinan pandan li kenbe tèt klasman jeneral-la ak 2 minit epi divizyon vehikil ak 12 minit 22 sekond.Franse David Fretigne domine divizyon motosiklèt la ak 11 sekond pandan ke Olandè Hans Beks domine kategori kamyon yo ak 24 sekond. 27 tièm edisyon Pari/ Dakar la ap kouvri 8 mil 956 kilomèt ant Barselòn an Espay pou l fini nan kapital Senegal la Dakar 16 Janvye.

XS
SM
MD
LG