Ekip sekou yo ap travay san pran souf pou distribye manje, dlo, ak medikaman nan zòn ki plis viktim anba tranblemanntè ak radmare dimanch 26 desanm nan. Se premye fwa nan listwa nou wè yon kokenn operasyon sekou konsa sou pye, men pwoblèm nan se fè pakèt pwodui ki disponib yo rive jwenn moun ki nan nesesite yo, nan 12 peyi kote Tsunami an fè ravaj, pi presizeman Endonezi, Sri Lanka, End, Tayiland, ak Zile Maldiv yo.
Dènye nouvèl ki parèt maten an mete bilan an nan 125-mil mò. Pifò viktim yo se nan Endonezi nou jwenn yo. Pa ret' anpil espwa pou plizyè milye moun ki pa reponn a lapèl jiskaprezan, e atansyon sekouris yo kòmanse ap vire plis sou sila yo ki vivan e ki bewen asistans prese-prese. Nan zòn Banda Aceh, nan Endonezi, yon responsab UNICEF (Fon L'ONU pou Timoun Piti yo) fè konnen gen moun ki kouche lopital san manje depi kat jou. Nan Aceh, yo deja konte plis pase 80-mil kadav e chif la ka rive nan 100-mil.
Prezidan endonezyen an, Susilo Bambang Yudhoyono anonse li jwenn apui Sri Lanka, End, Tayiland ak Malezi pou yon somè, jedi pwochen nan Djakarta, kote yo va pale sou fason pou yo kowòdone efò yo nan sikonstans trajik sila a.
Klike sou lyen ki anlè atik sa a, si ou vle tande tout repòtaj la an detay.