Accessibility links

Breaking News

Genyen Gwo Difikilte Pou Asistans Rive Jwenn Viktim Tsunami a


Lakwawouj Entènasyonal fè konnen kantite moun ki mouri nan tranblemanntè ki te frape rejyon Azi di Sid dimanch pase a, ka rive depase 100.000, nan moman chèchè ak sekouris ap prese pou yo antere mò yo epi ede plizyè milyon moun ki soti vivan nan trajedi a.

Daprè espesyalis nan afè sekou yo, gen plizyè milye moun ki disparèt toujou, e pa gen mwayen pou yo ale wè sa kap pase nan plizyè rejyon nan 12 peyi afekte yo. Nouvèl-yo konfime gen plis pase 85 mil moun ki mouri.

Otorite Nasyonzini yo fè konnen sa pral pran plizyè jou anvan pou asistans entènasyonal rive jwenn anpil nan moun ki sòti vivan anba tsunami a, kidonk gwo radmare soukous la pwovoke a, ki frape pati sid kontinan azyatik-la. Lyonel Desmarattes gen plis detay; klike sou lyen anlè atik la si ou vle tande.

XS
SM
MD
LG