Real Madrid/ Nouvo Antrenè
Responsab klub football Espayòl Real Madrid anplawaye ansyen antrenè seleksyon Brezil Wanderly Luxemburgo kòm nouvo antrenè klub-la--Sa fè Real Madrid 5 kièm antrenè li pase nan yon espas de 18 mwa. Luxemburgo pral antrene klub espayòl la ak yon palmarès 5 tit li ranpòte ak diferan klub Brezilyen. Msye ede Brezil ranpòte Kopa Amerika an 1999 men te pèdu djòb la apre movèz pèfòmans Brezil te renmèt nan je zolempik Sidne 2 mil yo. Real Madrid klase 5 kièm nan chanpyona Espayòl la ak 13 pwen dèyè Baselòn malgre prezans vedèt tankou Ronaldo, Roberto Carlos, David Beckham, Michael Owens, Luis Figo, Raul Gonzalez ak franse Zinedine Zidane.
Panama / Football
Kanada, Ekwatè ak Panama ap patisipe nan yon tounwa triyangulè ki rele tounwa Koup Pasifik nan Panama. Konpetisyon an ap kòmanse 4 pou l fini 8 Janvye 2 mil 5. Panama ap louvri konpetisyon an fas a Kanada 4 Janvye.
Koup Tig
Òganizatè koup Tig Azyatik la ranvwaye semi final retou ki te dwe jwe ant Endonezi ak Malezi apre radmare ki frape kontinan Azyatik-la. Federasyon Azyatik la ranvwaye rankont la apre Premye Minis Malezi Abdullah Ahmad Badawi pase lòd pou anule tout festivite pou make nouvel ane a. Match la, ki te fikse pou Samdi, ap jwe Madi 4 Janvye nan Kuala Lumpur. Malezi te ranpòte match ale a 2 a 1.
Rally Dakar
Konpetisyon kous otomobil Pari-Dakar ap demare demen Vandredi nan Barselòn an Espay. Anviwon 700 vehikil, motosiklèt ak kamyon ap patisipe nan konpetisyon anyèl la an 16 etap pou l fini 16 Janvye 2 mil 5. Patisipan yo ap soti nan 39 peyi.
NBA
Tracy McGrady make 34 pwen pou ede Houston Rockets tronse Cleveland Cavaliers 98 a 87. Nan Charlotte Jermaine O’Neal make 24 pwen e trape balon an 17 fwa nan viktwa de justès Indiana Pacers ranpote devan Charlotte Bobcats 74 a 71. Washington Wizards tonbe fas anba devan Detroit Pistons 107 a 105 nan yon rankont gason pa kanpe. Memphis Grizzlies te fè tout sa li kapab pou l kale Boston Celtics 117 a 109.
Natasyon
Yon tribunal nan eta Maryland jwen najè ameriken Michael Phelps koupab pou tèt li te kondwi yon machin apre li te finn bwè kleren. Msye resevwa yon sursi 18 mwa. Phelps ki gen 19 van, te ranpòte 8 meday, pami yo 8 an ò, nan Je Zolenpik Atèn 2 mil 4 yo.