Accessibility links

Breaking News

Ekspè Entènasyonal Predi Bilan Tranblemanntè yo Nan Lazi ak Lafrik Ka Depase 100-Mil Mò


Bilan katastwòf natirèl ki frape rejyon sid Azi a ak kèk peyi Afriken, moute rive nan prèske 80-mil mò, omwen yon demi-milyon blese, e plis pase yon milyon sanzabri, kidonk moun ki pèdi kay yo. Lakwa Wouj Entènasyonal avèti ke bilan an ka vin pi wo toujou, lè yo va konn’ sa ki pase nan 2 zile andeyò nan peyi End: Andaman ak Nicobar. Anfèt, dapre Lakwa Wouj ak lòt ajans entènasyonal bilan an ka menm rive depase 100-mil mò.

Depi gwo soukous ki te pwovoke radmare, gwo vag lanmè ki detwi zòn nan dimanch pase a, gen plizyè lòt soukous segondè ki rann efò sekou yo pi difisil toujou. Pou met’ apse sou klou, 2 nouvo tranblemann tè, ki mezire 6,2 ak 6,1 sou echèl Richter a, frape Andaman ak Niocbar e otorite entènasyonal yo pa gen anpil enfòmasyon sou viktim yo.

Sekouris yo pa ka antre nan kèk zòn sou zile Maldiv yo ak zile Soumatra nan Endonezi. Anpalan de Endonezi, nasyon sa a deja konte plis ke 45-mil kadav. Sri Lanka rapòte yon total prèske 22-mil mò jiskaprezan, tandiske End di anviwon 10-mil moun pèdi lavi yo nan peyi sila a. Plis pase Mil-600 peri nan Tayiland e yo rapòte anpil ka lanmò tou nan peyi tankou Birmani, Bangladesh, Malezi, Tannzani, Somali ak Kenya.

Klike sou lyen anlè paj la pou w'ka tande plis detay.

XS
SM
MD
LG