Accessibility links

Breaking News

Omwen 18 Polisye ak 5 Gad Irakyen Mouri Jodi a Nan Atak Rebèl


Otorite irakyen yo fè konnen rebèl atake plizyè pòs polis nan sa yo rele “Triyang Sunit” la, ki nan direksyon nò kapital la, Baghdad, jodi madi a: omwen 18 polisye ak 5 sivil mouri e plizyè lòt moun blese. Toujou dapre otorite yo, atak yo fèt toupre vil Tikrit, vil natal Saddam Hussein nan, epi nan yon ti vil ki rele Samara.

Pandansetan nan Baquba, ki o nò kapital la tou, yon eksplozyon bonm bò yon wout lakòz omwen 8 manm Gad Nasyonal Irak la blese. Gen lòt nouvèl ki fè konnen sòlda ameriken arete 2 nèg yè nan vilaj Sindiyah e yo sezi materyèl pou fabrike bonm.

Nan Washington, Sekretè-deta ameriken an, Colin Powell, deklare gouvènman tranzisyon irakyen ki pral monte nan eleksyon mwa pwochen an pral oblije fè yon fason kèlkonk pou mizilman sunit yo byen reprezante nan pouvwa a. Otorite ameriken krenn pou rebelyon an ak mank patisipasyon elektè sunit yo pa è yo pèdi tout chans pou yo reprezante kòm sa dwa nan Asanble Nasyonal rak la.

Klike sou lyen anlè atik sa a si ou vle tande tout repòtaj la.

XS
SM
MD
LG