DiCicco / Lachin
Ansyen antrenè seleksyon feminen ameriken Tony DiCicco rejte yon òf pou l tal antrene seleksyon football feminen chinwa a pou pwochen koup du mond football feminen ak jezolenpik yo. DiCicco, ki gen 56 zan, te ede medam ameriken yo ranpòte meday dò jezolempik Atlanta 1996 yo ak koup du mond football 1999 la. Lachin se youn nan pi gwo rival Etazini genyen nan zafè football feminen.
Romario / Retrèt
Footbalè Brezilyen Romario de Souza Faria, ki gen 39 van, ap kraze yon kite sa akoz chòk li pran e kondisyon fizik li ki pa kòdjòm. Romario make 822 gòl nan anviwon mil match-- pami yo 70 nan seleksyon nasyonal la. Konsa, li se dezyèm meyè butè nan istwa seleksyon foutbòl Brezil la, apre Pelé. Msye te fè pati seleksyon nasyonal football ki te ranpòte mondyal 94 la isit nan peyi Etazini. Romario te ranpòte Copa America pandan 2 fwa: 1989 e 1997.
Azi / Koup Tig
Ajans nouvèl franse a (Agence France Presse) anonse semi final ale Koup Tig la ap dewoule ant Endonezi ak Malezi malgre radmare ki sot ravaje yon pati nan kontinan azyatik la. Responsab yo ap obsève yon minit silans nan memwa viktim yo. Federasyon Football Endonezi a anonse yon pati nan resèt match la pral kontribye nan operasyon sekou yo.
Football Ameriken [NFL]
Saint Louis Rams toujou gen chans pou li kalifye pou faz final tounwa a apre viktwa sipriz li ranpòte devan Philadelphia Eagles 20 a 7. Rams yo, ki gen yon palmarès 7 viktwa ak 8 defèt, dwe kale New York Jets dimanch, epi yo bezwen konkou kèk lòt ekip ki swa dwe pèdi swa ranpòte la viktwasi yo vle konsève chans kalifikasyon yo.
Basketball [NBA]
Miami Heat bat yon rekò ak douzièm viktwa afile li ranpòte nan chanpyona nasyonal basketball ameriken an. Fwa sa a, viktim nan se Atlanta Hawks ki tonbe 116 a 102. Shaquille O’Neal make 31 pwen nan viktwa a. Detroit Pistons te bezwen pwolongasyon pou l' kale New Jersey Nets 100 a 90. Nan Orlando, Stephon Marbury make 34 pwen pou ede New York Kniks siprann Orlando Magic 119 a 111. Indiana Pacers danse sou New Orleans Hornets 100 a 82. Los Anjeles Clippers sibi setièm defèt li nan lig la. Fwa sa a se devan Memphis Grizzlies 96 a 76. Washington Wizards woule Charlotte Bobcats 106 a 87. Pou la premyè fwa depi Fevriye 2000, Seattle Supersonics ranpòte yon viktwa devan Utah Jazz 98 a 88. Allen Iverson make 28 pwen pou ede Philadelphia 76ers ranpòte yon viktwa tou mens devan Portland Trail Blazers 111 a 104. Golden State Warriors ranpòte yon viktwa tou mens devan Denver Nuggets 104 a 101.
NBA / Kore di Sid
Ha Seung-jin siyen yon kontra ak Portland Trail Blazers pou l tounen premye Sid Koreyen k'ap jwe nan Lig Basketball ameriken an.
Siklism / Armstrong
Ajans Nouvèl Associated Press seleksyone siklis ameriken Lance Armstrong kòm meyè atlèt pou ane 2 mil 4 la. Armstrong, ki sot ranpòte kous bisiklèt Tour de France la 6 fwa youn dèyè lòt, ajoute non n akote ansyen vedèt basketball ameriken Michael Jordan kòm atlèt ki resevwa distenksyon an 3 zan afile depi 1931- ane Ajans nouvèl la te pran inisyativ la. Jordan te resevwa distenksyon an an 1991, 1992 e 1993. Armstrong poko di si wi ou non li pral dèyè tit Tour de France la pou yon setyèm fwa.
Handball
Taiwan ranpòte chanpyona entènasyonal Handball ki tap dewoule nan Hong Kong apre yo te antre nan lese frape ak Lachin pandan semi final la--yon rankont Taiwanè yo te ranpòte sou fofè apre ekip chinwa a te refize kontinye match la. Taiwanè yo kale Sid Koreyen yo pou yo ranpòte konpetisyon an pandan Lachin kale Hong Kong pou li konsole l ak twazyèm plas la.