Accessibility links

Breaking News

Enpak Ekonomik Dezas Ki Frape Sid Azi a


Tankou nou te tande li nan nouvèl yo, apeprè 23-mil moun pèdi lavi yo nan plizyè nasyon sid-azyatik, nan radmare ki ravaje zòn nan akòz yon gwo tranblemann tè. Ekonomis yo fè konnen li twò bonè pou yo evalye kantite dega soukous dimanch la ak konsekans li pral pwovoke sou ekonomi rejyon an.

Pandan tout efò yo santre kounye a sou posiblite pou yo sove lavi moun ki ta vivan toujou, epi swaye blese yo, gouvènman yo poko gen ase tan pou yo kalkile enpak ekonomik Tsunami sa yo. Nan Bank Azyatik Devlòpman an, yon enstitisyon ki pa la pou fè lajan e ki gen baz li nan Maniy, kapital peyi Filipin, yon pòt-pawòl di sa pral pran kèk jou anvan nou konnen toutbonvre ki kantite dega materyèl radmare sa yo lakòz ak vrè enpak yo sou ekonomi rejyon azyatik la.

XS
SM
MD
LG