FIFA/ Tranbleman-d-tè
Prezidan FIFA a Sepp Blatter eksprime kondoleyans bay peyi ki viktim rad-mare yè Dimanch-la. Nan yon lèt tou louvri Msye Blatter voye bay prezidan federasyon football, Endonezi, Sri Lanka, End, Tailand, Il Maldiv yo, Myanmar ak lòt kote, li di li pran yon gwo chòk lè l tande trajedi a ki lakoz lanmò plis pase 23 mil moun. Drapo FIFA yo nan vil Zurik an Swiss ap flote a demi-ma pou sikonstans la.
Atletis/ Chepkemei
Òganizatè kous Cross Country Edinburgh entènasyonal la anonse kourè Kenyan Susan Chepkemei ap patisipe nan konpetisyon an kap dewoule mwa pwochen an. Pami lòt kourè, ki konfime patisipasyon yo nan konpetisyon-an ,nou jwen chanpyon du mond an tit Ostralyen Benita Johnson, chanpyon sötan Europeyen Britanik Hayley Yelling ak Etyopyen Tirunesh Dibaba
NFL
Pittsburgh Steelers kalifye pou-l jwe tout match faz final yo a domisil apre yo pase Baltimore Ravens yon swif 20 a 7 nan moman manke yon semen pou sezon regulye a fini. Steelers yo gen yon palmarès 14 viktwa 1 defèt. Indianapolis Colts remonte yon defisi pou l kale San Diego Chargers an pwolongasyon 34 a 31. Seattle Seahawks kalifye pou faz final la gras ak yon viktwa 24 a 21 yo ranpòte devan Arizona Cardinals. New Orleans Saints konsève chans pou faz final la apre viktwa 26 a 13 yo ranpöte devan Atlanta Falcons. Dallas Cowboys kale Washington Redskins 13 a 10. Aswè a Philadelphia Eagles pral lakay Saint Louis Rams.
NBA
Phoenix Suns amelyore pèfòmans li nan chanpyona nasyonal basketball ameriken an ak 24 viktwa 3 defèt . Viktim nan fwa sa a se Toronto Raptors ki pèdu 106 a 94. Suns yo rapöte 11 viktwa youn dèyè lòt. San Antonio Spurs, 2 zièm ekip ki gen pi bon palmarès nan lig la remonte yon defisi pou l kale 107 a 90 Boston Celtics ki tap jwe an deplasman. Franse Tony Parker make 27 pwen nan viktwa a. Dallas Mavericks woule Denver Nuggets 102 a 88. Alman Dirk Nowitzki make 36 pwen nan rakle Milwaukee Bucks pase Denver Nuggets 102 a 88. Mavericks yo remonte yon defisi 12 pwen pou ranpòte viktwa a. Washington Wizards tonbe fas anba devan Minnesota Timberwolves 109 a 74.