Accessibility links

Breaking News

Mizik Harp Sakre: Tradisyon, Adorasyon, ak Vi Kominotè


Gen yon ekspresyon ki rele “Mizik Harp Sakre”. Lè w’tande li, ou ka panse se bèl enstriman moun ap jwe (si se pa zanj). Ebyen, nan mizik harp sakre a, sèl enstriman yo itilize se vwa kretyen vivan.

Ekspresyon Mizik Harp Sakre a gen rapò ak yon koleksyon im ki te premye parèt nan 19èm syèk la. Chan sa yo atire moun tout laj nan kominote tout dimansyon (gran kou piti) atravè rejyon diferan Ozetazini. Se sa yon kòlèg nou te dekouvri nan 13èm Konvasyon Anyèl Harp Sakre a, nan Richmond, Vijini.

Konvansyon tankou sa Richmond nan se yon okazyon non sèlman pou mizik harp sakre fè chantè yo retwouve yo nan tradisyon sa a, men tou se yon moman pou yo renouvle ansyen amitye e fè nouvo zanmi tou.

Klike sou lyen ki anwo atik sa a si ou vle tande tout repòtaj nou an.

XS
SM
MD
LG