Accessibility links

Breaking News

Bandi Atake Rezidans Yon Diplomat Ameriken ann Ayiti


Bandi atake rezidans yon diplomat ameriken nan Pòtoprens mèkredi maten, kote yo pati ak kèk atik e lajan likid. Sitwayen ameriken sa a pa gen anyen, sepandan gen yon ajan sekirite ki blese e ki te oblije al resevwa swen lopital, dapre yon nòt Anbasad Etazini nan peyi d Ayiti.

Anbasad la mande tout anplwaye li yo rete veyatif epi rapòte tout aktivite ki ontijan sispèk. Korespondan nou Rotchild François, Jr. te pale sou ensidan sa a ak Jacques Jn-Baptiste. Ou ka koute yo si ou klike sou lyen ki anwo atik sa a.

XS
SM
MD
LG