Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite-23/12/04


Ayiti resevwa pri prezidan FIFA pou ane 2 mil 4-la an siy de rekonesans match pou la pè ki te jwe ant 2 peyi yo 18 Out pase nan Potoprens.Brezil pataje pri Fair Play ak Ayiti. Prezidan FIFA a Sepp Blatter, eksprime regrè-l le fè ke li pa gen tan vizite Ayiti pandan ane a e kap selebre li menm tou 100 tièm anivèsè fondasyon federasyon. Bò kote pa l Prezidan Federasyon Football ayisyen Dr Yves Jean Bart deklare trofe a dwe sèvi kòm yon motif pou ensite yo travay plis toujou.

FIFA pap pran sanksyon kont Nijerya

FIFA retire menas sanksyon ki te pandye sou tèt federasyon football Nijerya a pou-l te radye l nan tout konpetisyon entènasyonal 31 Desanm pou pita si dirijan yo pat rantre lwa 101 yo publiye ki bay gouvènman an dwa non-men e revoke dirijan football peyi a lè yo pipito-yon lwa ki tap defye règleman FIFA yo.

Angletè kritike sanksyon FIFA pran kont Espay

Responsab football Angle yo kritike desizyon FIFA pran pou l frape federasyon football Espay-la yon amand 87 mil dola pou pawöl rasist fanatik panyöl yo te lanse kont yon seri de jwè angle nan okazyon rankont Espay kont Angletè ki te jwe nan vil Madrid 17 Novanm ane sa a. Federasyon l Angle-a di sanksyon an pa ase.

concacaf.com

Seleksyon nasyonal maskulen Meksik ap jwe yon match amikal kont la Swèd nan San Diego an Kalifòni 26 Janvye 2mil 5 nan kad preparatif yap fè pou ekzagonal final koup du mond Almay 2 mil 6-la pou zòn KONKAKAF-la. Meksiken yo ap kòmanse kanpay la 9 Fevriye kont Kosta Rika. Pou sa ki gen rapö ak Etazuni, ti messye tonton Sam yo ap jwe ap louvri konpetisyon-an kont Trinidad and Tobago 9 Fevriye avan yo rankontre ak Meksik le 26 Mas. Toujou nan CONCACAF la, Jamayik, Ayiti,Trinidad and Tobago ak Sen Vensan e Grenadin kalifye pou 3 zièm tou eliminatwa koup Digicel la kap detèmine 3 reprezantan zön Karayib-la nan koup dò KONKAKAF-la ki gen pou dewoule Ozetazuni pandan ete 2 mil 5-la.

IOC/ Drog

Prezidan Komite Olenpik Entènasyonal la Jacques Rogge kwè ane 2 mil 4 la make yon tounan nan lut pou elimine uzaj drög nan spö malgre eskandal drög ki te afekte je zolempik Atè-n 2 mil 4 yo, dapre yon entèviou responsab Olempik-la bay jounal spötif franse Lequipe.

Ajans Nouvèl Reuters seleksyone 2 atlèt Eropeyen pou ane 2 mil 4 la

Swis Roger Federer ak kourè Britanik Kelly Holmes seleksyone kom meyè atlèt Ajans de Press Reuters pou ane 2 mil 4-la.

XS
SM
MD
LG