Accessibility links

Breaking News

Plis Moun Viktim Zak Vyolans Ann Ayiti Pandan Weekend nan


Nouvèl ki soti nan peyi dAyiti fè konnen zak vyolans ak aksidan koze lanmò plizyè moun nan weekend ki sot pase a. Pandansetan, dosye militè demobilize yo epi Operasyon Baghdad patizan Lavalas yo lanse a, se pwen ki toujou nan aktyalite a. nou ka tande detay yo nan yon repòtaj korespondan nou Renan Toussaint.

Yon lòt kote, gouvènman Gérard Latortue a lanse yon pinga bay tout eleman k'ap reklame tit manm ansyen lame d Ayiti. Gouvènman an vle se Lapolis ak twoup L'ONU yo sèlman ki pou responsab kesyon sekirite nan peyi a. Tande repòtaj Rotchild François, Jr. sou dosye sa a.

Nan Plato Santral, korespondan nou Jn-Christophe Collègue di nou ansyen militè yo libere yon gwoup moun yo te kenbe kòm prizonye e yo abandone yon okal yo te okipe.

Epi, Ayisyen nan sant eta Florid lage responsablite kriz militè demobilize yo sou do gouvènman pwovizwa a. Yves Mompremier gen detay.

Klike sou lyen ki anlè paj la pou nou ka tande tout nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG