Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Premye Minis Laurent Lamothe Anonse Eleksyon Senatoryal Pou Novanm 2012


Premye minis ayisyen an, Laurent Salvador Lamothe, fè konnen eleksyon pou renouvle, antwòt, yon tyè Sena a pral dewoule anvan fen ane a, pi presizeman nan mwa novanm 2012 la.

Misye Lamothe fè anons la nan Pòtoprens, mèkredi 23 me 2012 la, nan yon konferans pou laprès kote li abòde tou operasoyn lapolis te lanse nan wikenn pase a pou degèpi ansyen militè ki te okipe divès enstalasyon piblik depi plizyè mwa atravè peyi a.

Nouvo chèf gouvènman an pwofite pou l anonse Prezidan Michel Martelly ap pare pou li fè pibliye vèsyon amande konstitisyon 1987 la.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute 2 repòtaj sou konferans sa a: youn avèk Rotchild François Junior, epi lòt la avèk Clarens Renois.
XS
SM
MD
LG