Accessibility links

Breaking News

Yemen: 22 Zyèm Anivèsè Inifikasyon Peyi a

Yemen ap make 22 zyèm anivèsè inifikasyon ni, yon jou aprè yon kamikaz touye omwen 96 manb lame a e blese plis pase 200 lòt nan yon antrènman ki t ap fèt pou yon parad nan okazyon jou endepandans-la.

Sòlda yo patisipe nan yon parad pi piti ke yo te deplase al fè sou teren akademi aviyasyon an nan Sanaa. Prezidan Yemen-nan, Abed Robbo Mansour Hadi te asiste festivite –yo dèyè yon pwoteksyon an vit blende.

Pat genpil moun ki te pran lari kapital la akoz krent pou sizoka ta gen plis atak. Al-Qaida pran responsabilite pou atak suisid lendi 21 me a. Gwoup teroris la di atak sa a se an revanj pou sa li rele yon lagè Etazini apiye sou disip li yo
XS
SM
MD
LG