Mwayen Oryan
Izrayèl di li Elimine 50 "Teworis" nan Sisjordani

Lame Izrayelyen an te di Dimanch li touye plis pase 50 "teworis" nan zòn nò Sisjordani ki sou okipasyon - 35 ladan yo mouri pandan yon gwo operasyon militè ki te vize mouvman Palestinyen Hamas ak Jiad Islamik la nan rejyon sa a.
Lame a te di nan yon deklarasyon pandan yon operasyon nou lanse 21 janvye, lame a "Fòs yo te elimine plis pase 35 teworis e yo te arete plis pase 100 moun nou tap chèche".
Yon pòtpawòl lame te di AFP ke total la enkli operasyon ki te fèt depi 14 janvye pase a "Nan yon operasyon anvan sa, nou te elimine plis pase 15 teworis nan atak ayeryen."
See all News Updates of the Day
Washington Anonse Li Vann Izrayèl Zam Ki Vo Plis Pase $7 milya

Lèzetazini anonse vandredi 7 freviye ke li te apwouve lavant bonm, minisyon ak misil ki vo yon total de$ 7.4 milya ke yo bay Izrayèl, ki te itilize zam Ameriken nan lagè nan Gaza.
Akò zam yo gen ladann lavant bonm, wokèt ki vo $6.75 milya, ansanm ak misil Hellfire ki vo $660 milyon, dapre sa Ajans Koperasyon Sekirite Defans Ameriken an te di.
Trump: Se Izrayèl Ki Pral "Remèt" Etazini Gaza Yon Fwa Lagè a Fini

Sou Truth Social Prezidan Ameriken an ekri "Nou p ap gen bezwen pou okenn sòlda Ameriken! pral gen estabilite nan rejyon an !!!"
Prezidan Repibliken an te di ke " se Izrayèl ki pral remèt Etazini bann Gaza , lè yo fini ak batay la," e li ajoute ke lè sa a, Palestinyen "pral deja ale nan kominote ki pi an sekirite ak pi bèl ak nouvo kay modèn nan zòn nan."
"Etazini, ap travay ak gwo ekip ki bon nan devlopman imobilye atravè mond lan, pou kòmanse bati sa ki ta youn nan pi bèl pwojè imobilye sou planèt la" .
Prezidan Donald Trump te lakòz yon gwo pale anpil nan kominote entènasyonal la apre deklarasyon li te fè Madi pase a kote li te anonse, an prezans Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu pandan vizit li Washington, ke Etazini pral pran "kontwòl alontèm" Bann Gaza a.
"Nou pral fè yon bon travay. Nou pral pran posesyon li,"se sa li te di nan yon konferans pou laprès.
Li pa t presize ki kote egzakteman Palestinyen yo pral relokalize, oswa ki moun ki ta evantyèlman viv Gaza apre rekonstriksyon li.
Trump Di Etazini Ap Pran Kontwòl Gaza
Prezidan Donald Trump deklare li vle Etazini pran kontwòl Gaza. Yon deklarasyon ki ale pi lwen pase sa li te di anvan pou fòse moun Gaza yo deplase pou ale nan peyi vwazen tankou Jòdani ak Lejip.
Gaza "se pou Palestinyen yo", Berlin Reponn Deklarasyon Trump yo

Bann Gaza "se pou Palestinyen yo" e li dwe, menm jan ak Sijòdani e Jerizalèm Ès, fè pati "Leta Palestinyen dwe genyen nan lavni an", se sa minis Afè etranjè Almay la te reponn mèkredi sou deklarasyon Donald Trump fè pou l di Etazini ta kapab pran kontwòl Gaza.
"Yo pa dwe mete popilasyon sivil Gaza a deyò, e Gaza pa dwe okipe pandan lontan oswa kolonize ankò," se sa Annalena Baerbock deklare nan yon kominike.
Moun ki Abite nan Bann Gaza a Rejte Plan Trump pou 'Deplase' yo

Sitwayen nan Bann Gaza a rejte Mèkredi plan Prezidan Donald Trump pou deplase yo yon fason pèmanan epi fè Etazini "pran kontwol" redevlopman teritwa a.
Fanmi kap viv nan Kan Refije Jabaliya a ap viv nan kondisyon terib kote yo oblije fè lake pou jwenn dlo, epi kuit pen nan fou anyen. Ozalantou yo gen debri kay ki finn detwi nèt.
Yon refije di ajans nouvèl Associated Press: "Se tè natal nou, se isit nou pran nesans e kote nou vle mouri."
Nayefa Rehan ki oblije deplase 3 fwa pandan lagè a di: "sete yon erè pou m kite isit la anvan, e nou rekonèt sa kounyea. Mwen viv anpil soufrans, moman difisil epi grangou. Mwen wè sa tout kote m pase. Nou pral rete isit la."
Sigjesyon Trump la te fèt pandan yon konferans pou laprès nan Mezonblanch la ak Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu.
Trump te detaye yon plan pou konstwi nouvo kan refije pou Palestinyen yo andeyo Gaza, e li di Etazini pral "pran kontwol" redevlopman teritwa a ke lagè finn ravaje epi fèl tounen "Riv Mwayèn Oryan an"
Trump deklare: "Etazini pral pran kontwol Bann Gaza a e nou pral travay sou li tou."
Komantè sa yo soulve kondanasyon Palestinyen ki sèmante pou yo pa kite teritwa yo.
Refije Reem Rehan di AP: "Mouri isit pi bon, li pi bon pase ale okenn lot kote paske ou pa gen anyen apre ou finn pèdi teren w, peyi w ak kay ou. Menm si li ratibwaze kay nou gen plis valè pase okenn lot bagay."
Ejipt, Jodani ak lot alye Etazini nan Mwayèn Oryan an deja rejte ide deplase plis pase 2 milyon Palestinyen nan Gaza pou mete yo nan lot peyi nan rejyon an.
Facebook Forum