Accessibility links

Breaking News

Ekonomi Etazini Ogmante 2,3% ant Oktòb-Desanm 2024


Jen jan k ap fe acha gade gwo ekran televizyon nan depo Costco nan Denver, Colorado, 19 Desanm 2024.
Jen jan k ap fe acha gade gwo ekran televizyon nan depo Costco nan Denver, Colorado, 19 Desanm 2024.

Ekonomi Etazini fini ane 2024 la yon fason solid kote depans konsomatè yo te kontinye ankouraje kwasans.

Depatman Komès la rapote ke pwodui nasyonal bri a - setadi pwodiksyon byen ak sèvis peyi Etazini - te ogmante 2,3% ant mwad Oktòb ak Desanm.

Pou tout ane a, ekonomi an te jwi yon kwasans 2,8% konpare ak 2,9% an 2023.

XS
SM
MD
LG