Accessibility links

Breaking News

Leslie Voltaire: « M ap Frape Pòt Moun ki Renmen Ayiti »

Italy Haiti
Italy Haiti

Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, jistifye rankont li ak Pap François, samdi 25 janvye 2025 la, nan Vatikan. Nimewo 1 KPT a di: « M ap frape pòt moun ki renmen Ayiti. Pap la renmen Ayiti. Li pa ka tann pou l ede ».

Reprezantan Fanmi Lavalas la nan Konsèy la te rapousib pou l di prezidan Trump te deklare Ayiti se yon depotwa kidonk li pa panse msye gen okenn sousi pou peyi a.

Toune sa a Voltaire tanmen ann Ewòp pandan wikenn ki sot pase a fèt nan yon moman Donald Trump di li pral ekspilse migran ayisyen yo epi pran desizyon pou li kanpe pwogram èd imanitè yo nan peyi a.

This item is part of
XS
SM
MD
LG