Accessibility links

Breaking News

Inogirasyon yon Estati Richie nan Okap

Estatie Richie Okap Ayisyen
Estatie Richie Okap Ayisyen

Fan Richard Jean-Hérard (Richie) yo te pran inisyativ fè estati l sou plas Vincent nan Okap. Estati sa a ki te jwenn apwobasyon lameri vil la te inogire nan jou ki te samdi 28 desanm 2024 la pandan toune djaz mayestwo a, Klass, nan dezyèm vil peyi a.

Inogirasyon sa a te fèt an prezans Patrick Almonor ki se « agent exécutif intérimaire » meri Okap. Nan diskou l, M. Almonor fè konnen omaj sa a ki fèt pandan Richie vivan an se yon zak ki montre anpil kouraj.

Patrick Almonor tou anonse plas Vincent tou gen yon nouvo non ki se : « Place des artistes » epi pral gen lòt estati konsa sou li pou onore atis nan mizik yo.

Estati ki onore Richie a te fèt Sendomeng. Li se zèv yon dominikano-italyen ki rele Padila C. Juan. Estati sa a koute apeprè 20 868 dola vèt.

Estati sa a vyole toutfwa atik 7 nan konstitisyon peyi a k entèdi yo bay espas piblik yo pote non yon moun ki poko mouri oswa fè estati yon moun pandan li tou vivan.

This item is part of
XS
SM
MD
LG