Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Premye Minis Siryen an di Gouvènman an Toujou ap Fonksyone

Premye Minis La Siri di pi fo minis kabinè yo kontinye travay apre rebèl yo ranvèse Prezidan Bashar Assad sou pouvwa a.

Sepandan gen kèk anplwaye leta ki pa tounen nan travay yo. Yon responsab Nasyonzuni di sektè piblik peyi a "kanpe konplètman brid sou kou."

Pandansetan, yon pakèt refije te travèse antre la Siri depi peyi vwazen yo ak espwa dèske yap kapab viv nan lapè. Moun sa yo ap chache zanmi ak fanmi ki te disparèt anba rejim brital Assad la.

Deja gen siy ki montre ap gen difikilte nan lavni pou alyans rebèl ki kontwole pi fo peyi a kounyea.

See all News Updates of the Day

Prens Eritye Arabi Sawoudit la Gen Entansyon Envesti 600 Milya Dola Ozetazini

Saudi Arabia-US
Saudi Arabia-US

DUBAI, Emira Arab Ini (AP) — Prens eritye Arabi Saoudit la di li vle envesti 600 milya dola Ozetazini pandan 4 ane kap vini yo. Li te pran desizyon saa apre Prezidan Donald Trump te anonse nan biwo Oval la li gen entansyon retounen nan wayòm wahabit la, nan kad premye vwayaj li nan peyi etranje.

Deklarasyon Prens Mohammed bin Salman nan, ke ajans nouvèl leta sawoudyen an te rapòte byen bonè jedi a, te fèt pandan prens la tap pale nan telefòn ak prezidan Donald Trump.

Lendi apre li te fin prete sèman, Trump te pale sou posiblite pou l ale nan Arabi Sawoudit ankò kòm premye vwayaj li aletranje, menm jan li te fè sa an 2017.

Operasyon Izrayel Lanse nan Sisjòdani Menase Seselfe a

Operasyon Izrayel Lanse nan Sisjòdani Menase Seselfe a
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:29 0:00

Lame Izrayelyen an lanse yon operasyon nan Sisjòdani ki vize "teworis" nan zòn nan, ki mete an danje seselfe li sot siyen ak Hamas la.

Trèv Izrayèl - Hamas : Izrayèl Anonse li Libere 90 Prizonye Palestinyen

PALESTINIAN-ISRAEL-ICRC-CONFLICT-CEASEFIRE
PALESTINIAN-ISRAEL-ICRC-CONFLICT-CEASEFIRE

Izrayèl anonse pandan nan nwit dimanch pou leve jodi lendi a li lage 90 prizonye palestinyen nan kad premye echanj prizonye yo te prevwa nan ako trèv avek Hamas la, apre mouvman Islamis la te lage 3 otaj israyelyen ki te femen nan Gaza.

“Aswè a, 90 teroris jwen libète yo nan prizon militè Ofer la nan Sisjodani okipe a, ak yon sant detensyon ki nan Jerusalem," dapre yon kominike biwo ki responsab prizon nan peyi Izrayèl la.

3 Otaj Rive Izrayèl Pandan Seselfe a Franchi Premye Etap li

Fanmi ak zanmi moun Hamas touye epi kidnape epi mennen nan Gaza, reyaji nan Tel Aviv, Dimanch 19 Janvye 2025.
Fanmi ak zanmi moun Hamas touye epi kidnape epi mennen nan Gaza, reyaji nan Tel Aviv, Dimanch 19 Janvye 2025.

3 otaj Hamas te kenbe nan Gaza tounen Izrayèl nan premye defi seselfe frajil ant Hamas ak Izrayèl la.

Otaj yo se: Romi Gonen, 24 an ke yo te kidnape pandan festival mizik Nova a, Emily Damari 28 an, ak Doron Steinbrecher, 31 an ke yo te kidnape nan Kibbutz Kfar Aza.

Pi ta Dimanch, Izrayèl sipoze libere apepre 90 prizonye Palestinyen.

Antant ki siyen an gen ladann liberasyon o fu e a mezi 33 otaj pandan 6 semèn kap vini yo.

An echanj, Izrayèl pral lage prèske 2,000 prizonye Palestinyen ak Palestinyen nan Gaza ke yo te arete.

Seselfe a ogmante espwa dèske yap kapab mete fen nan lagè a kap dewoule depi 15 mwa.

Putin ak Tokay Iranyen li Massoud Pezeshkian Siyen Yon "Akò Patenarya Estratejik"

Iranian President Masoud Pezeshkian visits Russia
Iranian President Masoud Pezeshkian visits Russia

Prezidan Ris Vladimir Putin ak tokay Iranyen li a Massoud Pezeshkian siyen yon "akò patenarya estratejik" nan Moskou.

Dapre jounalis AFP yo, trete a make yon nouvo rapwòchman ant 2 peyi yo, ki gen relasyon ostil ak peyi Loksidan yo.

Kontni akò a poko piblik, men Vladimir Putin akeyi akò a "ak yon objektif anbisye" apre yo fin siyen dokiman sila.

Li te deklare "Lyen ki genyen ant 2 peyi nou yo se konsiderab ak mityèlman benefisye."

Load more

XS
SM
MD
LG