Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Rebèl Siryen yo Dechouke Assad sou Pouvwa a

Siryen fete arive konbatan opozisyon yo nan vil Damas, kapital La Siri, 8 Desanm, 2024.
Siryen fete arive konbatan opozisyon yo nan vil Damas, kapital La Siri, 8 Desanm, 2024.

Gouvènman Siryen an tonbe bonè Dimanch nan sa ki reprezante yon fen rejim 50-an fanmi Assad la ki fè tout moun sezi.

Rejim Assad la kraze apre yon ofansiv rebèl yo lanse sanzatann atravè teritwa gouvènman an te kontwole nan La Siri epi debake nan kapital la nan yon espas 10 jou.

Televizyon nasyonal La Siri difize yon videyo kote yon gwoup mesye deklare yon ranvèse Prezidan Bashar Assad sou pouvwa a epi libere prizonye ki te fèmen nan prizon yo.

Nèg ki li deklarasyon an deklare Sal Operasyon pou Konkeri Damas, ki se yon gwoup opozisyon, mande tout konbatan opozisyon an ak sitwayen yo pou yo prezève enstitisyon "eta lib Siryen an."

Deklarasyon an pibliye kèk hè d tan apre chèf yon gwoup ki tap veye opozisyon Siryen an te di Assad pati kite peyi a.

See all News Updates of the Day

Hamas Libere 4 Sòlda Fanm Izrayelyen an Echanj pou 200 Prizonye Palestinyen

Solda fanm Izrayelyen Hamas te kenbe an otaj reyaji devan yon foul Palestinyen anvan responsab La Kwa Wouj transpote yo Izrayel, 25 Janvye 2025.
Solda fanm Izrayelyen Hamas te kenbe an otaj reyaji devan yon foul Palestinyen anvan responsab La Kwa Wouj transpote yo Izrayel, 25 Janvye 2025.

Gen 4 sòlda fanm Izrayelyen ke Hamas te kidnape epi mennen Gaza ki retounen lakay yo apre militan Hamas yo te parade yo devan yon foul plizye milye moun epi remet yo bay La Kwa Wouj.

Apre sa, Izrayel te libere 200 prizonye Palestinyen Samdi nan dezyem boukantaj ki fèt nan kad seselfe frajil la.

Hamas te eseye montre yon lòt fwa ankò ke li toujou gen kontwòl Gaza apre 15 mwa lagè.

Nan premye kriz seselfe a, Izrayèl te di li patap kite refije Palestinyen yo tounen nan no Gaza jan yo te prevwa l Dimanch.

Izrayèl di yon otaj sivil ke yo te sipoze lage, ki rele Arbel Yehoud, poko libere.

Prens Eritye Arabi Sawoudit la Gen Entansyon Envesti 600 Milya Dola Ozetazini

Saudi Arabia-US
Saudi Arabia-US

DUBAI, Emira Arab Ini (AP) — Prens eritye Arabi Saoudit la di li vle envesti 600 milya dola Ozetazini pandan 4 ane kap vini yo. Li te pran desizyon saa apre Prezidan Donald Trump te anonse nan biwo Oval la li gen entansyon retounen nan wayòm wahabit la, nan kad premye vwayaj li nan peyi etranje.

Deklarasyon Prens Mohammed bin Salman nan, ke ajans nouvèl leta sawoudyen an te rapòte byen bonè jedi a, te fèt pandan prens la tap pale nan telefòn ak prezidan Donald Trump.

Lendi apre li te fin prete sèman, Trump te pale sou posiblite pou l ale nan Arabi Sawoudit ankò kòm premye vwayaj li aletranje, menm jan li te fè sa an 2017.

Operasyon Izrayel Lanse nan Sisjòdani Menase Seselfe a

Operasyon Izrayel Lanse nan Sisjòdani Menase Seselfe a
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:29 0:00

Lame Izrayelyen an lanse yon operasyon nan Sisjòdani ki vize "teworis" nan zòn nan, ki mete an danje seselfe li sot siyen ak Hamas la.

Trèv Izrayèl - Hamas : Izrayèl Anonse li Libere 90 Prizonye Palestinyen

PALESTINIAN-ISRAEL-ICRC-CONFLICT-CEASEFIRE
PALESTINIAN-ISRAEL-ICRC-CONFLICT-CEASEFIRE

Izrayèl anonse pandan nan nwit dimanch pou leve jodi lendi a li lage 90 prizonye palestinyen nan kad premye echanj prizonye yo te prevwa nan ako trèv avek Hamas la, apre mouvman Islamis la te lage 3 otaj israyelyen ki te femen nan Gaza.

“Aswè a, 90 teroris jwen libète yo nan prizon militè Ofer la nan Sisjodani okipe a, ak yon sant detensyon ki nan Jerusalem," dapre yon kominike biwo ki responsab prizon nan peyi Izrayèl la.

3 Otaj Rive Izrayèl Pandan Seselfe a Franchi Premye Etap li

Fanmi ak zanmi moun Hamas touye epi kidnape epi mennen nan Gaza, reyaji nan Tel Aviv, Dimanch 19 Janvye 2025.
Fanmi ak zanmi moun Hamas touye epi kidnape epi mennen nan Gaza, reyaji nan Tel Aviv, Dimanch 19 Janvye 2025.

3 otaj Hamas te kenbe nan Gaza tounen Izrayèl nan premye defi seselfe frajil ant Hamas ak Izrayèl la.

Otaj yo se: Romi Gonen, 24 an ke yo te kidnape pandan festival mizik Nova a, Emily Damari 28 an, ak Doron Steinbrecher, 31 an ke yo te kidnape nan Kibbutz Kfar Aza.

Pi ta Dimanch, Izrayèl sipoze libere apepre 90 prizonye Palestinyen.

Antant ki siyen an gen ladann liberasyon o fu e a mezi 33 otaj pandan 6 semèn kap vini yo.

An echanj, Izrayèl pral lage prèske 2,000 prizonye Palestinyen ak Palestinyen nan Gaza ke yo te arete.

Seselfe a ogmante espwa dèske yap kapab mete fen nan lagè a kap dewoule depi 15 mwa.

Load more

XS
SM
MD
LG