Accessibility links

Breaking News

« Hello » Nan Playlist « Afro-Club, "Le Hit des platines " Semèn sa a sou RFI


Fatima Altieri Robert Richardson
Fatima Altieri Robert Richardson

Chantez Fatima soti nan lis « Afro-Club, le Hit des platines » ki seleksyone mizik k ap mache nan semèn nan.

Nan lis sa a ki soti jodi jedi 27 novanm 2024 la sou paj Instagram RFI Musique rfi_musique , mizik « Hello » atis la nan dezyèm pozisyon. Fatima pa t pran tan pou reyaji sou kont Instagram li fatiful aprè nouvèl la.

"Se yon gwo lonè pou mwen pou m plase nan lis sa a bò kote yon bann lòt atis ki chaje talan. Gen rekonesans yon enstitisyon tankou rfi_musique se yon vrè privilèj ", se sa entèprèt " Blese" a te pibliye, nan lang franse.

"Hello" se youn nan 12 mizik ki sou dezyèm albòm solo Fatima a, ki rele " Pwoteje m ".

Albòm sa a soti 11 novanm 2024. Oswald, Jude Jean, Toby Anbakè, Phyllisia Ross, Kenny Haiti, Yoan ak Jean Bernard Thomas se non lòt atis ki patisipe sou li.

This item is part of
XS
SM
MD
LG