Accessibility links

Breaking News

Biden Eskive Ola Repibliken yo te Mete sou Finansman pou Ayiti


Prezidan Joe Biden pale pandan yon evenman ki make 12e anivese pwogram Deferred Action of Childhood Arrivals (DACA) nan Lamezonblanch, 18 Jyen 2024.
Prezidan Joe Biden pale pandan yon evenman ki make 12e anivese pwogram Deferred Action of Childhood Arrivals (DACA) nan Lamezonblanch, 18 Jyen 2024.

Administrasyon Prezidan Joe Biden nan deside eskive yon ola Repibliken yo te enpoze pandan plizyè mwa kote yo te anpeche dekese plizyè milyon dola finansman pou misyon sekirite pou Ayiti a. Se youn nan palmantè ki te enpoze ola a ki mete nouvèl la deyò Jedi.

Depatman d Eta pa reponn demann Reuters fè pou komantè Jedi.

Foto Achiv: Senate Jim Risch
Foto Achiv: Senate Jim Risch

Senatè Jim Risch, ki se Repibliken pi wo plase nan Komisyon Afè Etranjè Sena Etazini pibliye yon deklarasyon kote l di: " Chwa administrasyon Biden fe pou eskive kanpe mwen te mete sou finansman sitwayen Ameriken ki peye enpo yo sou Misyon Miltinasyonal pou Sipote Sekirite Ayiti - yon plan ki mal konsi - se yon gwo desepsyon."

Senatè Risch ak Depite Michael McCaul, ki se direktè Repibliken Komisyon Afè Etranjè Lachanm te deklare nan mwad Mas ka ke yo te mete yon "ola" sou $40 milyon Depatman d Eta te mande pou misyon Ayiti a paske yo te bezwen "yon pakèt lòt detay" anvan pou yo apwouve finansman an.

Senate Demokrat Ben Cardin limenm, nan yon nòt pou laprès li voye bay VOA, bat bravo pou dekesman lajan an.

"San deplwaman imedya MSS la, Ayiti riske tounen yon eta echwe ak yon distans 1287 kilomet sèlman ak kot Etazini. Sipò pou MSS la se desizyon korèk la ni pou pèp Ayisyen an ni pou entere nasyonal Etazini e mwen pral kontan kontinye travay ak Depatman d Eta pou sipevize MSS la epi asire li evite tout pyèj lòt entèvansyon entènasyonal ki te fèt an Ayiti anvan yo."

Depatman d Eta te di li tap diskite ak Kongrè a pou wè si yo ta apwouve lajan ke li konsidere tankou esansyèl pou deplwaman fòs polis Kenyan an an Ayiti.

Lide komisyon afè etranje yo gen pouvwa pou yo apwouve finansman, men administrasyon an kapab simonte pouvwa sa a si li deside yon sityasyon grav ase pou l fè sa.

Korespondan VOA nan Kongre a, Katherine Gypson kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG