Accessibility links

Breaking News

Yon Vag Chalè Ekstrèm Frape Etazini


Ethan Hickman, a dwat, itilize yon sevyet pou seche tet li ki finn mouye telman lap transpire nan yon kamyon ki vann fe datifis nan Weldon Spring, eta Missouri, 18 Jyen 2024.
Ethan Hickman, a dwat, itilize yon sevyet pou seche tet li ki finn mouye telman lap transpire nan yon kamyon ki vann fe datifis nan Weldon Spring, eta Missouri, 18 Jyen 2024.

Yon vag chalè ekstrèm frape plizyè dizèn milyon moun Ozetazini nan moman vil tankou Chicago taka kraze reko.

Eta nan sant wès Etazini ap fè fas ak chalè danjre soti depi Iowa pou rive Maine. Meteyo di chalè a pral dire jiska omwens Vandredi.

Rejyon sant Atlantik la ak nouvèl Angletè pral fè fas ak tanperati ki omwens 90 degre farènheit.

Dènye fwa Etazini te fè fas ak gwo chalè konsa sete an 1936.

Otorite yo lanse avètisman bay sitwayen yo pou di pran prekosyon, bwè anpil dlo epi rete lakay yo si posib.

XS
SM
MD
LG