Accessibility links

Breaking News

Rejyon Sidès Florid ap Fè Fas ak Gwo Lapli, Inondasyon


Yon dam mache ak yon sak ki gen efe pesonel li ladann nan yon ri ki inode nan No Miami, Florid, 13 Jyen, 2024.
Yon dam mache ak yon sak ki gen efe pesonel li ladann nan yon ri ki inode nan No Miami, Florid, 13 Jyen, 2024.

Yon kantite reko lapli inonde rejyon sidès eta Florid Mèkredi 12 Jyen. Sa te koze anpil tèt chaje pou otomobilis yo, ak moun ki tap vwayaje nan avyon.

Kapitèn meteyo predi plis lapli pral tonbe jodia.

Media lokal yo rapote kèk pati otowout I-95 la nan awondisman Broward te konplètman fèmen tandiske machin te kontinye vwayaje sou wout ki inonde yo.

Yon move tan twopikal kap vanse sou prèskil Florid la soti depi Golf Meksik la vinn rann sityasyon an pi difisil. Tout move tan sa yo ap bay traka nan moman sezon ouragan an fèk tanmen.

Sèvis Nasyonal Meteyowoloji a predi plis aktivite ane sa a nan basen Atlantik la. Nap raple sezon siklonik la dire ant 1 Jyen ak 30 Novanm.

XS
SM
MD
LG