Accessibility links

Breaking News

Blinken Rankontre Netanyahu Apre li Blame Hamas pou Reta Negosyasyon sou Akò Lapè a


This handout photo released by the US State Department on June 10, 2024, shows US Secretary of State Antony Blinken (L) meeting with Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu in Jerusalem on June 10, 2024.
This handout photo released by the US State Department on June 10, 2024, shows US Secretary of State Antony Blinken (L) meeting with Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu in Jerusalem on June 10, 2024.

Sekretè d Eta Antony Blinken rankontre PM Izrayelyen Bennjamin Netanyahu, apre li te blame Hamas pou reta ki genyen nan akò pou sispann tire nan Gaza.

Pi gwo diplomat ameriken an ap pousuiv yon misyon lapè nan Mwayen Oryan kote lap livre dènye plan Prezidan Joe Biden pwopoze pou mete fen nan lagè Gaza a.

Akò a, ki dekri dis jou de sa, se pou mete fen nan lagè sa ki deja gen mwa nan Gaza a epi Hamas libere 120 otaj ke yo te kidnape pandan atak militan Hamas yo te fè an Izrayèl nan dat 7 oktòb 2023 pase.

Blinken te di ke Hamas se sèl moun ki pa t aksepte pwopozisyon an pou yon akò ki gen twa faz ki enplike liberasyon otaj yo ak chita pale sou yon fen nan batay, e Blinken di ke Izrayèl dakò avek akò a.

Yon gwo ofisyèl Hamas te di jounal Reuters ke kòmantè Blinken nan seselfe nan Gaza a te "fòs kote pou Izrayèl."

Blinken gen pou l rankontre Minis Defans lan Yoav Gallant tou.

Gwo diplomat ameriken an te di ke li ta pral diskite tou sou plan pou gouvènans ak rekonstriksyon Gaza apre konfli pandan vwayaj li a, kote li pral rankontre tou lidè rejyonal yo ak Katar.

XS
SM
MD
LG