Accessibility links

Breaking News

Ministè Sante Hamas la Anonse 36,731 Lòt Moun Mouri nan Lagè a


APTOPIX Israel Palestinians
APTOPIX Israel Palestinians

Ministè Sante gouvènman Gaza a, ke Hamas dirije, anonse vandredi yon nouvo bilan 36,731 moun ki ta pèdi lavi yo nan teritwa Palestinyen depi kòmansman lagè ant Izrayèl ak Hamas la, ki antre nan nevyèm mwa li.

Otorite lokal yo pibliye yon deklarasyon ki di gen omwen 77 moun te mouri nan dènye 24 èdtan yo, e yo ajoute ke 83,530 moun te blese nan Gaza a depi kòmansman lagè a. Nap raple se atak Hamas te lanse nan peyi Izrayèl 7 oktòb, ki te deklanche konfli a.

XS
SM
MD
LG