Accessibility links

Breaking News

Vil Chikago Deklare Me Kòm Mwa pou Selebre Eritaj Ayisyen


Vil Chikago a Deklare Mwad Me Kòm Mwa pou Selebre Eritaj Ayisye
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:22 0:00

Vil Chikago a Deklare Mwad Me Kòm Mwa pou Selebre Eritaj Ayisye

Konsèy Lameri Chikago a te vote nan jou mekredi 22 me a yon rezolisyon ki deklare ofisyèlman mwa me a kom mwa eritaj Ayisyen Ameriken.

Brandon Johnson ki se Majistra Vil Chikago a te deklare "Jan sa diskite la, Ayiti ak Chicago gen yon lyen espesyal. Istwa nou makonnen depi menm nan fondasyon vil nou an".

2 jou avan pasaj rezolisyon sa, Majistra vil la, Brandon Johnson, te oganize yon resepsyon prive nan meri an ki te reyini plizyè sitwayen ak pesonalite nan kominote Ayisyen an. Evenman sa te sèvi kom premye selebrasyon ofisyèl mwa eritaj ayisyen ameriken yo.

Nan okazyon sa, chef pòs konsila Asiyen an, Youri Emmanuel, te di montre apresyasyon peyi dAyiti pou jès sila;

"Jès sa se se temwanyaj ki montre koman kili, lang, ak eritaj nou vreman rich. E se yon gwo rekonesans pou kontribisyon kominote Ayisyen Ameriken an pote nan gwo vil sa".

Majistra Johnson te pale nan menm sans lan pou non selman fè elòj pou kontribisyon kominote Ayisyen an pote nan Chikago la men tou fè pwomès vag pou envisti plis nan kominote a:

Kominite Ayisyen Ameriken an nan Chikago kontinye kontribye nan tout katye nou yo, nan lekol nou yo, nan gouvenman, restoran, biznis, ak plis anko toujou.

Lè chawzi fè elevasyon fanmi w, ale lekòl ak nan travay, enplike nan vil la, e fe kilti w fleri nan katye yo, ou vreman ede ranfose vil Chikago.

Mwen vle fè w konnen Administrasyon m nan pran angajman pou travay ak ou pou ranfòse envestisman vil la nan katye ak moun yo. – Brandon Johnson, Majistra Vil Chikago a

Fòk nou di adopsyon mwa eritaj Aysiyen Ameriken yo nan Chikago se rezilta pledwaye anpil lidè ak òganizasyon Ayisyen Ameriken.

Kèk Ayisyen ki te patisipe nan resepsyon sa, tankou Venita Higgins ki abite nan Chikago depi pase 60 lane, pa t kache kontantman yo paske yo santi rezolisyon sa ap ede mete kilti ak idantite yo plis an valè nan vil la.

XS
SM
MD
LG