Accessibility links

Breaking News

Lakou Siprèm: Jij Alito Refize Rekize Tèt li Nan Yon Dosye Ki Enplike Ansyen Prezidan Trump


Gjykatësi Samuel Alito
Gjykatësi Samuel Alito

Youn nan jij konsèvatè nan Kou Siprèm Ameriken an, Samuel Alito, te anonse Mèkredi ke li pap rekize tèt li nan dosye ki enplike ansyen Prezidan Donald Trump, apre diskisyon ki te genyen sou drapo li monte lakay li, ki tet koupe ak sa manifestan " 6 Janvye" yo te itilize.

Nan yon lèt ki te date 23 me, 2 senatè demokrat enfliyan, Dick Durbin ak Sheldon Whitehouse, te mande chèf jistis majorite konsèvatif la, John Roberts, pou fè Jij Alito rekize tèt li nan ka sa yo.

Lèt la te di," fason drapo a te monte lakay jij la se yon senbòl ki asosye ak mouvman Trumpis sa ki "kreye yon aparans konpòtman ki pa apwopriye" osi byen ke yon "dout rezonab sou enpasyalite li ka genyen nan sèten ka" an tan ke jij devan Tribinal la".

Nan yon lèt ki te pibliye Mèkredi, Jij Alito te reponn ke "2 ensidan yo" mansyone yo pa "satisfè kondisyon yo mande pou li rekize tèt li", e ke li gen "obligasyon" pou rejte demann yo.

FILE - Supreme Court Justice Samuel Alito Jr., left, and his wife, Martha-Ann Alito, pay their respects at the casket of the Rev. Billy Graham at the Rotunda of the US Capitol Building in Washington, Feb. 28, 2018.
FILE - Supreme Court Justice Samuel Alito Jr., left, and his wife, Martha-Ann Alito, pay their respects at the casket of the Rev. Billy Graham at the Rotunda of the US Capitol Building in Washington, Feb. 28, 2018.

Jij la te mansyone nan lèt sa ke se madanm ni yon lòt fwa ankò ki "sèl responsab" pou leve drapo kontwovèsyal la , e li fè apèl pou respekte libète ekspresyon li.

Majistra a kontinye pou l di ke li te mande madanm li pou retire drapo a lakay yo "men li te refize pandan plizyè jou".

XS
SM
MD
LG